Haiti

Yon jèn fi aje sèlman 18 ane mouri nan kouran apre li te fè kontak ak yon poto limyè an fè [gen VIDEO]

PETIONVILLE, Haiti – Lundi 20 Avril lan, Judline Pierre jis kite lakay li pou li t’al fè yon kat idantifikasyon apre li te fin gen 18 tan. li fè yon kontak ak yon poto limyè fè nan lari an li tiye’l la menm, paske poto sa te gen yon fil kouran Haute Tanssion ki te kole sou li. Pa te gen moun ki te vle pran risk al ede li, menm polisye ki te vini te jis kanpe ap gade paske kouran sa t’ap griye jèn fi sa atè an.

Ti sè Judline ki te la e ki wè tout sa ki pase gran sè li an pa te ka siye dlo nan zye li. Ti sè an fè konnen ke viktim nan te rele’l di’l vin jwenn ak li bò Saint Therèse lan, li te mande viktim nan kote dokiman yo, viktim nan te di li pa te mache ak Ak de nesans li. Ti sè an te reponn li, ou konnen ou te dwe genyen’l ak ou, tout sa te pase an vandredi.

Jacques Ketant nan 1 ane edmi ap lage apre yon jij koupe santans li an mwatye

An Lundi viktim nan te chwazi pa t’al lekòl pou li te ka al fè kat idantite an, daprè ti sè an, Judline te di kè li cho, li pa te ka rete tann pou li gen pyès sa. Medam yo te pran sèlman 10 goud pou yon kous machin pou yo te ka al fè kat idantite sa, yo te mete nan tèt yo lè y’ap desann solèy la pa t’ap si cho ankò, y’ap ka mache retounen lakay yo.

2 sè sa yo te kenbe men ap desann, men pandan y’ap mache sandal ti sè an glise, pandan l’ap ranje sandal la nan pye’l se wè li wè yon bagay eklate sou gran sè’l, epi li pran dife li mouri.

Yon moun ki gen yon kay tou pre kote sa te pase an di li rele plizyè fwa pou EDH vin regle pwoblèm sa, paske se toutan depi gen yon ti van ki pase fil lan kole ak poto an epi sa fè dife. Lundi maten li rele a 11h apre yo te bay yon nimero ki te fini pa 3760. Apre li te fin rele nimero an pou moun nan te pase mesaj bay yon moun ki te ka vin rezoud pwoblèm nan, li te bay yon lòt nimero pou li te rele ki gen 28 ladan. Malgre mèt kay sa te di moun li te trouve nan telephone ki gen 3760 ladan, eske se tann y’ap tann pou yon moun mouri ladan avan pou yo vin rezoud pwoblè sa, li di sa an manten epi nan aprè midi Judline Pierre mouri ladan.

Aksidan sa yo repete trè souvan nan Port-au-Prince pa tro lontan yon dam ki sot legliz ap mache nan lari an li fè kontak ak yon fil kouran atè an sa te tiye’l sibitman, yon lòt yon ti moun t’ap pral lekòl li te fè kontak ak yon fil kouran atè li te mouri la menm. Se la pou nou wè leta Ayisyen pa respekte lavi moun, dirijan EDH yo p’ap fè travay yo. Nan ka Judline nan depi lè y’ap mete poto limyè sa a, yo te dwe wè fil konran tro prè li.

Ou ale nan EDH, ou rive nan sikilasyon, moun ap tonbe mouri pou anyen jis paske Leta Haitien p’ap fè travay yo.

Yon jèn fi aje sèlman 18 ane mouri nan kouran apre li te fè kontak ak yon poto limyè fè

Posted by Anmwe Radio on Tuesday, April 21, 2015

Judline-pierre2

Judline-pierre

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top