Crime

Jacques Ketant nan 1 ane edmi ap lage apre yon jij koupe santans li an mwatye

Jacques Ketant ki te kondane pou 27 tan prizon, ebyen yon jij nan Miami koupe santans sa an mwatye kote li gen pou li sèvi sèlman 13 ane edmi. Jij la te pran desizyon sa Vandredi ki te 17 Avril 2015 lan.

Jij la te pran desizyon sa pou kontribisyon’l ak anpil sipò li te bay leta Ameriken nan mare lòt moun ki te nan tranzaksyon dwòg an Haiti. Ketant ki nan prizon depi nan ane 2003, avèk santans li ki koupe an mwatye la li sèlman gen pou li sèvi yon lòt ane edmi pou li gen libète li.

Sophia Martelly di li pre e sa ou sispèk lan se sa li ye, eske sa vle di li se yon kandida pou prezidan?

Leta Ameriken pral remèt ka li an a imigrasyon pou yo ka depòte li an Haiti. Men Mr. Ketant pa fin tro kontan pou desizyon sa si tou apre sa ki te rive Oriel Jean kote li te pèdi lavi’l anba bal nan lari Port-au-Prince apre li te fin sèvi 3 zan prisons nan Etas Unis. Gen plizyè fason Ketant ka rete Ozetazini, menm jan leta Ameriken te bay Oriel Jean yon viza kote li te ka rete nan peyi an  e li te ka travay apre li te soti nan prizon an 2006, e se li menm ki te chwazi retounen an Haiti apre li te rankontre Prezidan Michel Martelly lè li t’ap fè kanpay pou’l te ka prezidan.

Des haitiens arrêtés en Équateur pour traffic illicite de migrants

j-ketant

ANMWE

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top