Crime

Yon Ayisyen pèdi lavi li, plizyè blese trè grav nan Repiblik Dominikèn

JIMANI , Dominican Republic – Yon Ayisyen mouri, 23 blese, 13 nan yo blese trè grav, sa te rive paske yo t’ap ekzije pou yo te ka peye yo lajan ke yo dwe yo pou plizyè kenzèn travay yo pa te peye yo. Gen plis ke 300 moun ki travay sou chantye a, men majorite se Ayisyen. Sa te fèt nan arondisman Boca de Cachon.

Haitien ki te mouri an se Ronnin Charles ki gen 27 tan. Travayè sa yo te patisipe nan konstriksyon 567 kay ke gouvènman Dominiken te bay fè pou nouvo Boca de Cachon. Manifestan Ayisyen yo te arive brile 2 kay avèk yon tant konpayi ki t’ap fè kay la te genyen. Yonn nan kay ki te brile yo se te ofis direksyon promosyon frontyè kominote a ki te gen kòm dirijan jeneral Rafael Luna Pichirilo li te gen yonn nan gad kò li yo ki te blese.

Haitien yo arete nan Rep. Dominikèn  apre yo te fin manifeste pou lajan yo te dwe yo pou travay yo fè

Haitien yo arete nan Rep. Dominikèn apre yo te fin manifeste pou lajan yo te dwe yo pou travay yo fè

Yon jou aprè chèf lame repiblik Dominikèn nan Rubén Darío Paulino, te fè konprann ke se te sèl 2 moun nan manifestasyon ki te grav, apre sa yo te arete 40 moun. Men apre sous la polis te fè konprann nan jounal journal Listin Diario, te gen 13 moun ki te blese grav, yo te mennen yo nan lopital Rejional Barahona e nan lòt sant sante nan zòn nan. Tandiske nan lòt lopital Jimani yo te bay nan moun ki te blese yo swen, epi yo te kite ape prè 20 moun ale lakay yo.

Paulino Sem te klare ke moun yo te kenbe yo, yo te libere, e sa ap depan de sa chak moun te fè diran manifestasyon an nan Boca de Cachon. Gen nan yo ki gen dwa lage gen sa tou yo kapab mennen devan la jistis.

Kay Haitien travay ladan pou gouvènman Dominiken  an yo pa te vle peye yo

Kay Haitien travay ladan pou gouvènman Dominiken an yo pa te vle peye yo

Pou pati pa yo, chèf polis Manuel Castro Castillo jistifye plizyè arestasyon, li fè konprann yon foul plis ke 100 Ayisyen te atake fòs polis avèk Kò sekirite fontyè yo, avèk kout ròch, kout baton, yo te eseye yon entèvansyon pa ministè piblik lan, pou te ka konvenk moun moun yo. Li te fè konprann Ayisyen yo te kraze machin anba kout ròch, kraze biro, yo t’ap boule katchou nan lari an. Anploye Dominiken yo te vin antre nan batay avèk Ayisyen yo epi travayè pwojè yo t’ap defann byen yo.

Daprè Otorite yo, rezon ki fè yo pa te gen tan peye travayè yo se akoz de fèt endepandans peyi a, ansanm avèk tranzaksyon la Bank.

To Top