Beauty

Joanne Borgella ki se yon ansyen kontestan American Idol mouri a laj de 32 ane de yon kansè trè ra

Joanne Borgella ki se yon Ameriken Ayisyen, ki te patisipe nan 7em sezon American Idol, e ki an menm tan yon PLUS SIZE MODEL, te fè fanatik li sou Facebook konnen ke li te gen Kansè ane pase. Ebyen Samedi 18 Oktòb li pedi batay la. Apre tout kimo, tout remèd doktè ba li, yo pa te ka arive sove lavi li. Kansè li te gen an se yon kansè trè ra. Fanmiy li te poste sou paj Facebook li ke li mouri a 5:45 AM

Joanne Borgella2

Joanne ki se premye moun ki te genyen “Mo’Nique’s Fat Chance” li te itilize non “Miss F.A.T.” an 2005. An 2008 Li te ale American Idol, li te rive nan kategori 12 fi yo.

Dènye fwa li te poste sou paj facebook li, se te 23 Septanm

Joanne Borgella

R.I.P

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top