Haiti

Obama kreye yon pwogram pou ede Haitien antre nan USA pi vit ke posib

WASHINGTON, USA – Administrasyon Prezidan Obama vini avèk yon pwogram ki pral pèmèt haitien ki aplike pou rezidans pou fanmiy yo, ap gen chans pou yo vin rete tann rezidans yo nan peyi Etazini, olye pou yo rete tann li an Haiti.

Pwogram sa ki rele “Haitian Family Reunification Program (HFRP)” ki gen pou kòmanse nan ane 2015 lan, men se sèl moun ki gen 2 zan a mwens tan pou yo resevwa viza pou kapab genyen rezidans yo, k’ap ka gen chans pou aplike, pou pwogram sa. Gen plis ke 100 mil moun k’ap tann pou anbasad rele yo, pou kapab konnen si y’ap ka vini nan USA. Depi moun sa rive nan peyi Etazini y’ap ka chèche travay, pandan y’ap rete tann rezidans yo.

Se yon pakèt Haitien nan Dyaspora ki t’ap mande pou Gouvènman Ameriken an te fè yon jan pou kap ede Haitien yo ki nan yon lis byen long, depi avan tranbleman de tè 2010 lan. Gen yon seri de moun ki gen ape prè 12 ane depi y’ap rete tann chans pa yo, pou yo kap antre nan USA.

“Haitian Family Reunification Program (HFRP)” nan se yon pwogram ki fèt sou yon modèl pwogram Cuben yo jwenn lontan, kote gouvènman Ameriken bay 20 mill Viza pa ane. Daprè sa yo fè konprann nan pwogram pou Haitien yo, pou premye ane an 5000 moun ka gen chans vini Ozetazini, ki te trouve yo nan yon lis byen long.

(Inter-American Development Bank) fè konnen an 2013 haitien nan Etazini voye plis pase ke 2 bilyon dola an Haiti bay fanmiy yo. Yonn nan bagay pou Haitien konprann si yo pran lanmè pou yo vini Etazini yo p’ap kalifye pou pwogram sa a. Se sèl moun ki te gen moun ki te aplike pou rezidans pou yo, e ki gen 2 zan oubyen mwen tan k’ap jwenn avantaj de pwogram sa.

US embassy

22 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top