Thech

Google mete deyò nouvo Vèsyon ANDROID 5.0 LOLLIPOP (FOTO)

GOOGLE pote Android 5.0 LOLLIPOP pou tout moun ki gen yon telephone ANDROID. Men pou moman la, se pa tout moun k’ap ka genyen li nan telephone yo. Rezon ki fè sa, Si ou gen yon Samsung, HTC, LG, etc… anpil nan konpayi sa yo pa gen yon ANDROID ki fran. Yo chanje anpil bagay la dan ki fè telephone Samsung ak yon telephone HTC oubyen LG diferan de lòt.

android_5_email_view_tablet

Yonn nan pi gro chanjman nan ANDROID 5.0 LOLLIPOP ki parèt trè fre, se yon konsèp “aesthetic” ki rele “Material Design”. Li fèt avèk yon pakèk koulè ki trè vif e an menmtan ki trè rich, pou yo fè li parèt pi bèl yo ajoute lonbraj ladan. Vin gen plis espas, espsyalman antre tèks yo. Vin gen efè anime lè ou mete dwèt sou ekran, tankou yon pakèt ti wev de diferan koulè. Se premye gro chanjman ki fèt nan Android depi lè Google te mete li deyò.

LOLLIPOP, entrodwi yon nouvo fason pou kap konfigire notifikasyon ladan, avèk yon seri de kat ki plase nan mitan ekran pandan li bloke, e ou ap ka kontwole ki jan debgay ki parèt ladan pou ou kap pwoteje vi prive ou. Google pwomès telephone ou ap ba ou notifikasyon ki enpòtan, pandan se tan l’ap kache sa ki mwens enpòtan yo.

Sa se jan notifikasyon ap parèt lè ekran (LOCK) bloke.

Sa se jan notifikasyon ap parèt lè ekran (LOCK) bloke.

Lollipop, gen yon menu ki rele “RECENTS” ki gen yen tout aplikasyon k’ap mache yo, tankou yon pil kat, li diferan ke jan li ye konnye a, li parèt nan yon lis. E ou kap gade nan yo trè rapid pou wè ki aplikasyon ou ta vle chwazi.

Sa se jan kontak ou gen pou paret

Sa se jan kontak ou gen pou paret

Li gen yon MOD ladan ki ka konsève batri telephone ou plis. Ou k’ap konfigire telephone nan, pou lè batri an batri an rive nan yon pousantaj pou li otomatikman konsève rès chaj ou genyen an, oubyen ou kapab fè sa manyèlman. Google fè konnen mod sa ka ba ou 90 minit an plis sou vi batri ou an.

Gen anpil lòt chanjman ki fèt. Pa ekzanp nan Reglaj Rapid, Device sharing, etc…

Se ki lè ou k’ap genyen li nan telephone ou? Tout sa ap depann de konpayi ki fè telephone ou an. Chak konpayi gen pou fè sa yo gen pou fè ladan’l, pou yo kapab fè li inik a yo menm.

android-50-lollipop-nazvanie-novoy-os-google_3

android_5_featured

Android-5.0-Lollipop-new-design-images

Android-5.0-People

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top