Featured

Haiti: Moise Jean Charles pran yon rafal kalòt ak anpil lòt kou

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Pandan senatè Moise Jean Charles te al pote kole nan manifestasyon ( lavalasyen ) ki te fèt 29 Mars 2014 la, fanatik Marise Narcisse ak fanatik Arnel Belizaire te tou profite okazyon sa pou yo pase men sou do senatè a. Nan deklarasyon Moise Jean Charles fè, li di wi, li te resevwa kèk kout mikro ak kèk kalòt. Daprè lòt enfomasyon k’ap sikile, Moise Jean Charles pran plis ke kèk kout mikro ak kèk grenn kalòt, yo vrèman awoze’l ak anpil kout chaplèt.

mariz

*Note
MARIZ NARCISSE RAKROCHE NAN FIGI BÒB C. AK GUERRIER

moise jean

Madan Mariz Nasis, ki rele radio karayib maten an la a, pou li fè deklarasyon a fanmi Lavalas sou manifestasyon 29 mas la. Aprè li fin di mèsi ak tout patisipan yo nan mach la, kote manmzèl deklare ki te byen pase, manmzèl remèsye lapolis pou li, te bay bon jan akonpayman nan mach la, manzèl pwofite lanse yon apèl koripsyon a lapolis ki se sèl apèl li fè nan deklarasyon sa a kote li di lapolis “Fanmi lavalas pwomèt yo spesyalman bon jan alemye si yo pran pouvwa a’. Kidonk se yon fason deja y’ap chèche achte lapolis la.

Moise

Nan deklarasyon’l lan, Madan Nasis pa mansyone non Moyiz Jan Chal, ni fopak. Madan Nasis, remèsye sèlman MOPOD. kidonk li pa rekonèt ekip FOPAK Timote Rony, Anel Belizè ak Moyiz Jan Chal. Pou baton, sabò ak souflèt yo bay Moise Jean Charles la ki t’al pote kole ak manifestasyon an, madan Nasis pa mansyone anyen di tou nan not li tap li a, epi pa menm yon ti mo eskiz ni regrè li pa siye pou zak sa a. (sa moyiz t’al chache la, jan chache jan trouve, yo fout ou deyò, deyò deyò nèt)

Nan deklarsyon madan Nasis li a, li di ke pozisyon fanmi Lavalas se yon chanjman premye minis sèlman fanmi Lavalas mande. ‘ pozisyon fanmi lavalas <> Lè pou Guerrier ak Bob C. te ranje kò yo pou poze madan Nasis kesyon, madan Nasis rakroche telefòn lan nan figi yo.

credit: Natif Natal

78 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top