Featured

Yon Ayisyen krache nan figi bèlmè'l paske li bay pitit li kèk t'ap pou dezòd

MIAMI, Florida – Emmanuel Jean Francois gen 2 zan depi l marye ak madanm li, men depi avan yo marye, li te gentan gen yon ti pitit gason ak yon lòt dam, ti gason an gen 5 an. Apre 3 mwa maryaj ak madanm li, madanm nan te vinn ansent, doktè te menm rive di ke se marasa yo ta pral fè, malerezman, dam nan pèdi yonn nan pitit yo nan yon movèz akouchman.

miami polis

Akoz mesye a ap fè 2 job, e madanm lan ap travay byen lwen, yo pagen ase tan nan men yo pou yo okipe timoun yo, madanm nan voye chèche manman’l pou ba yo yon kout men nan kay la. Lotre jou, mesye Jean Francois kite travay li avan lè paske’l pa’t santi’l tro byen nan travay la, lè’l rive devan pòt kay la, li tande vwa ti gason ki pi gran k’ap kriye, apèn li ouvè pòt la, ti gason an kouri vinn anbrase’l, li mande ti pitit la, sa’k genyen, sa’k genyen… ? Pitit la di, se grann li ki ap bat li.

San Emmanuel pa mande manman madanm nan poukisa l’ap plede bat pitit la konsa, li rale yon gro kouch krache, li krache nan figi manman.

zenyèz, wa degaje w ak pwason sa, swete’w ka kwit li byen, pwason d’avril

big-fish-sales

28 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top