HMI

Maestro Arly lariviere ak tout ekip NU LOOK la t'al nan antèman manman Pipo ( KLASS )

Montreal, Canada – Se yon bagay nou toujou ap tande, “mizisyen se yon sèl kòd fanmiy”. Pipo yon mizisyen ki renouvle tèt li nan kèk mwa ki sot pase la, nan KLASS ki se yon djaz k’ap fè anpil bri, tout kote yo pase al jwe toujou plen moun. Ebyen Atis lan te arive pèdi manman li, 18 Mars 2014. Weekend ki sot pase a, se te antèman manman’l.

Pa Aza NU LOOK t’al jwe Canada nan fen semèn ki sot pase a. Mizisyen nan NU LOOK te tou profite sezi okazyon sa a, pou yo te al sipòte PIPO. Pou anpil fanatik konpa yo te ka panse Pipo ak Arly se te sitron ak lèt. Men jès sa prouve ke wi mesye yo gen yon biznis y’ap jere, men yo tout se yon sèl kòd fanmiy, yonn pote sipò bay lòt lè yo gen yon ka. Nan mizisyen Nu Look yo, te genyen Mayestro ARLY LARIVIERE, Gabriel Laporte, Chachou, etc…

Pa bliye Pipo se yonn nan ansyen manb nan Nu Look. Li te ranplase Gazzman kòm lead chantè nan Nu Look.

arly pipo

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top