Featured

Yon sè prezidan Michel Martelly poze kandidati’l pou gouvènè eta FLORIDE

MIAMI, FL, USA – Dr. Marcelle Martelly ki se sè prezidan Haiti an, Joseph Michel Martelly, gen tèt li kale tou ròz, Poze kandidatil pou gouvènè Florida. Li te kòmanse avèk mesaj sa a, Lè fanm mete tèt yo ansanm, Fanm genyen. Dr. Marcelle 36 ane depi l’ap viv nan Florida. Li te kite Haiti, nan laj ti moun pou li te vin jwenn manman li nan Etazini. Li fè konnen yo pa te gen anpil lajan, men manman li te montre li travay, e pou li gen gro rèv. E se bagay sa yo ki fè Li te pran GED li, e konnye a li gen yon PHD.

Dr. Marcelle Martelly ki se Soeur Presidant Michel Martelly, deklare kandidati'l pou gouvènè Florida

Dr. Marcelle Martelly ki se Soeur Presidant Michel Martelly, deklare kandidati’l pou gouvènè Florida

Premye tou eleksyon gouvènè pou Florida ki gen pou fèt le 26 Out k’ap vini la, li mande pou yo vote pou li. Dr. Marcelle ki fè konnen li se grann 3 timoun, e li pè pou yo, paske yo ka pa jwenn opòtinite ke’l te jwenn yo.

LI ATIK SA TOU: Cette insolence nègre qui continue de contrarier les âmes blanches

Malgre gen anpil Ayisyen k’ap viv nan Floride, sipò yo sèlman p’ap ka bay Dr. Marcelle eleksyon sa a. Floride ke se yon Eta repibliken, kote 3 konsekitiv gouvènè ki genyen eleksyon nan Florida se te Repibliken. Dr. Marcelle ki anba pati politik Demokrat la, ap bezwen anpil èd pou li ka soti nan premye tou an. Premye tou an ki se yon eleksyon ke tout kandida pou gouvènè Demokrat yo ap gen antre yo. E sa ki genyen eleksyon sa pral nan yon eleksyon prensipal la, ki gen gen pou fè antre yon Repibliken kont yon Demokrat. Antre yo 2 an, sa ki genyen an se li k’ap gouvènè Florida.

Sèl sa kominote Haitienne nan Florida ap mande, ke pou Dr. Marcelle Martelly asire’l ke tout afè li kòrèk. Lè ou nan politik nan Etazini, yo fouye tout bagay nan vi’w, de fanmi ou, pitit ou, sa ki te pase 25 ane de sa, yo pa gen limit. Paske kominote Ayisyèn nan sot pran yon gro kalòt la ak sa ki rive Majistra North Miami an, Lucie Tondreau.

LI ATIK SA TOU: Yon fi pa janm dwe kite’l toutouni pou tro lontan devan mennaj li oubyen mari’l

Nan provèb lakay: Yon sèl so pa so. Yon lòt fwa yon Ayisyèn, yon pitit lakay vle fè bonè Ayisyen nan Florida, li jis mande sipò yo.

68 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top