Haiti

Yon Repibliken rele prezidan Obama IRESPONSAB pou pwogram li kreye pou HAITIEN yo

Yon seri de repiblike nan comite jidisyè sena, pran pwogram ke Prezidan Obama kreye pou pèp Haitien an “IRESPONSAB” ki kapab pèmèt plis ke 100 mil Haitien vin viv nan Etazini san Viza. “Reyinifikasyon familyal Ayisyèn Pwogram (Haitian Family Reunification Program)” ki se yon pwogram yo fè sou menm modèl ki gen pou Kiben yo, pou yo kapab ede Kiben yo reyini ak fanmiy yo.

obama-best

Senatè Chuck Grassley pou Iowa, fè konnen “Reyinifikasyon familyal Ayisyèn Pwogram nan (Haitian Family Reunification Program)” k’ap pèmèt Haitien antre Etazini vin tann rezidans yo tanke yo rete an Haiti, e y’ap ka al chèche travay legalman se yon “aksyon eksesif iresponsab de otorite ekzekitif la”. Senatè a mande se ki lòt peyi ki nan lis Prezidan Obama. Li poze plizyè kesyon. Li mande Eske y’ap pase yon ekzamen medikal avan yo antre nan peyi a? Eske y’ap gen papye travay otomatikman kan yo antre? E li mande kòman sa pral afekte travayè Ameriken yo?

Senatè Chuck Grassley

Senatè Chuck Grassley

Imigrasyon te anonse pwogram sa Vandredi a, e yo te fè konnen pwogram sa ap kòmanse ane k’ap vini an, ki se 2015. Pandan se tan, State Department National Visa Center a, ap kòmanse notifye fanmiy ki kalifye pou pwogram sa a. Daprè sa Associated Press, fè konnen deja gen ape prè 100 mil Haitien, ki deja apwouve pou antre Etazini, ki jis ap tann viza.

Senatè Grassley, Donk komite senatè an gen jiridiksyon sou polisi imigrasyon, li deja fè konnen kantite Haitien ki gen pou antre sou pwogram sa a, gen anpil chans pou li depase, estimasyon ke yo fè an. Li fè konnen sa ka yon kòmansman aksyon inilateral, e ekzekitiv pou Prezidan sou imigrasyon. Li fè konnen ke prezidan kontinye ap pouse tou ron autorite kongrè a, e li inyore la lwa, e li kreye yon move bagay pou lavni

SOURCE: http://www.washingtontimes.com/

15 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top