Crime

Yon nèg peze kou yon fanm li jwenn sou entènèt lan paske li pa rezanble foto pwofil li

KENTUCKY, USA – Polis te arete yon nèg ki te soti Georgia, apre li te fin rankontre avèk yon fi li te renmen avèk li sou entènèt lan. Cornelius Jefferson te peze kou mennaj entènèt li an, paske li pa te sanble ak foto moun li te mete sou profil li an.

Jefferson ki gen 33 zan, te soti Georgia pou t’al wè mennaj li Kentucky paske li te gen lide al rete avèk li. Lè misye te wè fi an li pa te ka konnen si se fi an, paske li pa te gen rezanblans ak foto pwofil dam nan sou entènèt lan. Me ki sa ki te ekri nan paj Facebook polis depatman ki te arete Jefferson nan: Yo te fè arestasyon an nan Spencer road, ki ape prè 7 mileaj nò London, apre yo te rele polis pou yon konplent domestik kote 2 moun ki gen yon relasyon t’ap goumen. Lè polisye Moris te rive nan lokasyon an, li aprann ke Jefferson te gen yon diskisyon avèk mennaj li. E rezon pou diskisyon an se paske Jefferson pa te panse ke mennaj li an sanble avèk foto mennaj li an te mete sou pwofil li an sou entènèt lan. Misye t’ap peze kou fi an ak demen’l, epi li voye manje sou dam nan, epi li pran malèt li te gen ansanm avèk li an, epi li te kòmanse mache apye.

Li pa te pran anpil tan pou polis te jwenn ak Jefferson. Yo te arete li, e konnyea li nan prizon.

Cornelius-Jefferson-Mugshot

Me orijinal not ki te ekri sou paj Facebook Polis Depatman “The arrest occurred off Spencer road, 7 miles North of London after deputies were dispatched to a domestic complaint there. When Deputy Morris arrived at the scene, he learned that there had been an argument between this subject and his girlfriend.The argument was allegedly because the male subject didn’t think she [looked] like she [looked] on the internet. He allegedly choked her with both hands around the neck and threw food on her and left the scene on foot with two suitcases”.

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top