Crime

Yon Haitienne vòlè preske 1 milyon dola nan men yon granmoun li t’ap pran swen li

MIAMI, FL – Marie Petit-Louis ki genyen 39 ans t’ap pran swen yon ti gran moun ki te rele Annette Reff men li mouri konnyeya, nan Coral Gables.  Detektiv fè konnen de Janvier 2010 a Juillet 2012 Marie te eksplwate ti gran moun sa  li pran $928,529.44, e li fè sa pa femen plizyè kont finansyè ti gran moun nan te gen, epi li transfere lajan ki te nan kont yo sou kont pa li, li te gen nan WELLS FARGO.

USA: Une mère donne naissance à un bébé sans nez

Polis fè konnen ke Marie di se ti gran moun nan ki te bay lajan sa yo, men pitit fi ti gran moun nan di se pa vre, e manman’l te di’l sa pandan li te kouche sou kabann pandan li t’ap pral mouri. Li te ka reponn kèk kesyon, yo te mande’l “Eske li te bay Marie lajan pou li bay legliz li”.  Yo di ti gran moun nan di, “mwen  se yon Jwif  m’ pa t’ap janm bay lajan pou bagay konsa.

Monde: Une haitienne perd ses deux enfants dans un incendie en République Dominicaine

Daprè plis envestigason polis dekouvri ke Marie jwe plis ke $8 milyon dola nan Magic City Casino nan Miami, men polis po ko ka konnen ki kote li jwenn tout lajan sa pou li te jwe.

Marie-Petit-Louis-2

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top