Crime

Yon fi pwanyade yon fi ansent epi li retire ti bebe an andedan vant li

USA – Yon fi ki mete yon piblisite sou yon website ke li gen rad ti bebe pou vann, te atake yon fi ansent ki te reponn a piblisite sa, kote li pwanyade fi ansent lan, epi li koupe vant li, li pran ti bebe an.

Dynel Lane ki gen 34 ans, se te yon enfimyè li kite lisans li ekspire depi 31 Janvier 2012. Lane te mete piblisite sa sou site Craiglist.com. Fi anseent lan ki pa te konn entansyon Lane e ki ta la rechèch rad pou ti bebe paske li te gen 7 mwa, te arive viktim de gro krim sa.

LI ATIK SA: Polisye dominiken bat yon Ayisyen poutèt moto li gen yon vye moflè (video)

Polis te reponn a yon apèl ki te fèt nan Longmont, Colorado, kote yon fi t’ap rele pou yo te vin pote’l sekou nan yon kay. Lè Polis te rive yo jwenn yon jèn fi de 26 an, kote li te blese nan vant. Li te fè polis konnen ke li te gro vant yon fi pwanyade li, epi li pran bebe an nan vant li. Yo te kouri pran jèn fi sa mennen li lopital, yo fè operasyon sou li, doktè di l’ap siviv blèsi li te resevwa yo.

Nan menm lopital sa, yon lòt fi te vini ak yon ti bebe, li te fè konnen ke li fè avòtman. Polis te vin reyalize se fi sa ki te atake fi ansent lan, yo arete li. Doktè te anonse ke ti bebe an mouri.

LI ATIK SA: Yon legliz pwotestan dakò pou yo marye Omoseksyèl

Pou moun k’ap viv aux Etas Unis, li enpòtan pou nou pa reponn a yon piblisite sou Craiglist nou sèl. Meyè fason pou ou reponn a yon piblisite ke yon moun poste se an piblik, ou asire ke ou gen yon lòt moun ansanm avèk ou.

SOURCE: local10.com

pregnant-woman

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top