Religion

Yon legliz pwotestan dakò pou yo marye Omoseksyèl

USA – Legliz Presbiteryèn (USA) ki fè pati de denomininasyon pwotestan di yo pre pou yo marye fanm ak fanm, gason ak gason. Yo modifye konstisyon legliz lan pou yo ka fè jan de mariyaj sa yo. Legliz Presbiteryèn ki pi enpòtan ki ekziste nan Etas Unis te anonse nouvèl la pou yo te fè konnen ke majorite nan 171 otorite rejonyal yo te aprouve chanjman ki fèt lan.

Nan nouvo konstitisyon legliz Presbiteryèn nan, yo jis konsidere ke mariyaj kòm yon inyon antre 2 moun, tradisyonèlman yo te konsidere yon mariyaj se te antre yon fi ak yon gason. Nouvèl denominasyon ki te vote pa asanble jeneral legliz lan ane pase te dwe ratifye pa plis ke mwatye de otorite rejyonal yo. Se te yon vot favorab de yon rasanbleman de kongregasyon nan Eta New Jersey ki te pèmèt yo jwenn majorite de 86 vwa sa yo Mardi 17 Mars lan. Tèks sa ap antre an aplikasyon le 21 Juin k’ap vini la.

LI ATIK SA: Erick Jean Baptiste propriétaire de Père Eternel Lotto blessé par balles

Diran yon asanble jeneral ane dènye, legliz Presbiteryèn te bay pastè’l yo otorizasyon ke yo te ka marye omoseksyèl nan eta nan USA ki dakò pou moun menm sex marye. Legliz Katolik Romen ak kretyen evanjelik yo pa chita sou menm tab avèk Legliz Presbiteryèn yo, paske yo menm yo kont mariaj omoseksyèl.

presbyterian-church

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top