Accident

Yon avyon Aktè Harrison Ford t’ap pilote tonbe

Carlifonia, USA – Harrison Ford ki te nan yon ti avyon ke li t’ap pilote te ripòte ke li te gen pwoblèm motè pa tro lontan apre avyon an te dekole, e sa pa te pran anpil tan kote avyon sa te tonbe. Ford ki te gen pàn motè te mande pou li te retounen rapidman nan ayeopò Santa Monica, kote li te dekole an, pou li te ka ateri, daprè sa yon kontrolè ayeryen te fè konnen.

Ebyen pwoblèm motè sa pa te ba li chans pou li te ka rive nan ayeopò an, li te oblije fè yon aterisaj nan ijans nan yon teren kote yo jwe golf. Malgre tout prekosyon li te pran, avyon te arive kraze chans pou li avyon an pa te pran dife. Harrison Ford blese men li pa si grav, li nan lopital ap pran swen.

LI ATIK SA TOU: Un écolier de 9ème année fondamentale assassiné à Tabarre

Daprè sa temwen ki ta la fè konnen, ke avyon te frape ak yon branch bwa e apre sa li tonbe. Se sèl aktè an ki te nan azyon an e pa gen moun atè ki viktim te aksidan non pli.

harrison-ford

LI ATIK SA TOU: L’étudiant Chedler Guilloux a été libéré

plane-crash

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top