Crime

Yo arete plis ke 20 Jamayiken pou trafik dròg avèk zam an Haiti

AUX CAYES, Haiti – Yo arete anviron 20 Jamayiken (Jamaicans) pou trafik dròk ak zam an Haiti. Jamayiken yo santi ke peyi yo abandone yo, paske yo pa gen ankenn moun ki reprezante yo. Yo nan diferan chanm nan prizon Okay la, yo demanti ke yo t’ap trafike dròg tandike yo chak gen yon istwa diferan pou ki rezon yo an Haiti. Malgre tout bagay leta Ayisyen fè konprann yo gen anpil evidans kont plizyè nan yo.

Kenny Burton, ki gen 31 ane, fè konprann ke yo arete li men yo pa te jwenn anyen sou li, yo jis te trouve dròg bò kote li te ye an, yo te arete li depi 7 Jiyè ane pase avèk kèk lòt Jamayiken. Yon group de 15 Jamayiken te arete nan mwa avèk ane ki pase yo, pa diferan operation gad lanmè avèk polis, sa te sipòte pa ajan DEA (US Drug Enforcement Administration), e pandan sa la polis te arete 5 lòt moun nan vil Aquin pou dròg.

Jamaicans in Jail in Haiti::: Jamayiken yo arete pou trafik  dròg  ak zam nan Okay

Jamaicans in Jail in Haiti::: Jamayiken yo arete pou trafik dròg ak zam nan Okay

Gen yon jij k’ap etidye ka Jamayiken yo, pou yo ka konnen ki yès y’ap lage, e ki yès y’ap kenbe pou jije. Yo arete Winston Richards, depi 18 Out 2012, pandan li te chita nan yon lakou nan Ile-A-Vache, kote li te di li t’ap viv de 5 mwa. Richards fè konprann yo nan prizon pou yon pakèt tan la, san avoka, yo pa pale kreyòl, gouvènman Jamayiken an pa fè anyen pou ede yo. Yo se moun nan Karayib la yo jis t’ap flannen.

Joubert Amazan ki se yon avoka, fè konprann, biro li ede yo, li bay yo konsèy legal gratis pou Jamayiken ki pa gen avoka, pou lè jij k’ap envestige yo a, rele yo pou pou poze yo kesyon. 15 Jamayiken yo kenbe yo se Junior Daily (32), Dean Dawson (27), Kenny Burton (31), Agustus Tuckre (53), Winston Richards (31), Roy Prince (55), Jason Smith (32), Michael Dennis (40), Linval Samuels (24), Garry Williams (30), Romaine Brown (18), Glenval Hall (37), Martin Trench (27), Othniel Williams (31), Richard Bryam (36).

Anpil fanmiy Jamayiken sa yo ap bay tèt yo anpil pwoblèm, paske yo pa pale kreyòl ni fransè, e gen sa ki pa gen avoka. Gen nan yo ki pa wè fanmiy kèk ane, paske yon nan prizon nan Okay.

Jij te lage 3 Jamayiken ki se Mark Reid, Fenton Johnson and Mark Pitt avèk 2 kiben Juan Rafael Hidalgo ak Alexis Leyva Moreno, paske yo pa te gen ase evidans pou kenbe, malgre sa yo te pase anpil tan nan prizon.

Source: http://hcnn.ht/

11 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top