Featured

Senatè Lambert flank yon sitwayen yon kout pwen nan bouch li rache yon dan li

MARIGOT, Haiti – Daniel Théodore ki se delege nan “Mouvement revendicatif pour l’avancement de Corail Soult” (MORACS), te ale nan diferan stasyon nan Jacmel pou li te ka fè konnen ke senatè Sidès lan ki se Wencesclas Lambert te flank li yon kout pwen nan machwè li, li rache yon dan nan bouch li. Senatè a menm te monte sou yon radio nan Port-aiu-prince li fè konnen ke wi li bay misye yon kout pwen nan djòl li, li bay yon dezyèm li rache yon dan’l.

Tande sa yon senatè de la republique di apre li fin rache dan yon sitwayen avèk yon kout pwen, jis paske sitwayen an di yon bagay ki pa fè li plezi
[su_youtube url=”http://youtu.be/ZqQbdF7sXFc” width=”720″ height=”520″]

Dimanch ki te 9 Mars senatè Wencesclas Lambert ki se yon senatè nan Sidès sou zòn Jacmel, te ale nan reyinyon avèk manb (MORACS) ke ni Daniel Théodore, ak sénateur Wencesclas te fè konprann. Reyinyon sa se te pou senatè a te ka reyafime pwomès ke li te fè ki pa te rive reyalize a manb òganizasyon (MORACS. Mesye Théodore menm te vle raple senatè a li te pwomèt tout bagay sa yo depi nan eleksyon 2009, e li pate janm reyalize yo.

Senateur Sud'Est, Haiti Wencesclas Lambert

Senateur Sud’Est, Haiti Wencesclas Lambert

Senatè Lambert ki te si telman vekse ebyen jan li di sou radio nan Pòtoprens li flank misye Théodore kèk kout pwen bò djò li, e senatè a menm fè konprann ke li t’ap fè yo arete li tou. Apre tout bagay te fin pase Daniel Théodore te ale nan lopital St Michel Jacmel lan, pou li te ka gen yon papye lopital pou domaj li te sibi anba men senatè Lambert.

Senateur Lambert di sou Radio: “Misye di se manti m’ap bay, depi moun di’m sa li enève’m, mwen se yon nèg ki respekte tèt mwen, an politik si tou, m’ fout misye yon kout pwen nan djòl li, m’ fout li yon dezyèm kout pwen ou ka wè dan misye rache, e se paske sekirite yo pa te la ki fè mwen pa fè yo arete li tou swit. se sèl peyi m remake yo pa respekte elu, yo pa respekte otorite. Kote yon nomm t’ap pase lontan pou kanpe nan rankont on senatè de la republique ap fè, pou kanpe nan mitan’l pou di se manti w’ap bay, alò ke ou konnen sa’w di yo se pa vrè, ou te vin pou kraze rankont lan. Kòm ou te vin pou te kraze rankont lan, kòm ou te vin pou te kraze rankont mwen’m di’m di’w, m gen 2 fas. M’ gen yon fas moun debyen chak tan m’ santi m gen moun debyen an fas mwen, m’ gen yon fas vagabon chak tan’m santi se vagabon ki anfas mwen. Misye se djòb li daprè moun Marigot, mwen pa t’ konn misye byen, men’l te konnen se moun mwen ye, se mache kraze reyinyon moun, se mache pale moun mal nan piblik, e sa’w wè misye pran la, misye tonbe sou bout li, mwen menm Wencesclas Lambert depi yon nonm manke pye’w m pran’w”.

Source: HPN

46 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top