HMI

Carimi revoke batè djaz lan

HMI – Ti Joel ki t’ap jwe batri nan Carimi, yo revoke li nan djaz la. Carimi pa vle antre nan ankenn detay sèl sa yo di ke Ti Joel pa fè pati de Carimi ankò paske li bay tròp pwoblèm, yon lòt fason ou te ka di ke misye fè tròp ti dezòd. Yo Deja gen yon moun ki pou jwe batri pou yo deja de Shedly Abraham, se li menm ki te konn jwe pou Carimi avan Ti joel te ale nan Carimi. Shedly Abraham p’ap gen okenn pou li jwe mizik Carimi, paske li gen yon trè bon relasyon avèk mesye yo.

Ti Joel

Ti Joel

Se ki sa Ti Joel pral fè la menm? Carimi se yonn nan pi gro djaz ki gen nan HMI la, yon jèn Atis tankou Ti Joel pa te dwe ki te sa rive’l pou yo mete li deyò nan yon gro djaz konsa pou endisipline. Ti Joel pa te yon manb nan Carimi, li jis te yon gigè, ki vle di, li te jwe yo peye’l, li pa te jwe tou yo pa peye’l.

Ti Joel te nan Harmonik, se pou menm rezon yo te mete li deyò nan Djaz la. Alò li jèn li konn jwe batri trè byen yon lòt ap pran li trè rapid, si non li nesesè ke li al lekòl al aprann yon bagay.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top