HMI

Pipo depoze vokal epi l depoze gouyad ( VIDEO )

Miami, FLORIDA – Yèswa, se te yon gran plezi pou w te gade KLASS ki tap pèfome apre PIPO ( klass ) te finn pèdi yon gro pati nan lavi li ki se manman l. Sware ya te kout, men yo awoze tout moun ki te la avèk anpil bon konpa.

Anpil moun tap danse, anpil moun tap chante, anpil moun te leve men yo anlè, gen sa ki tap voye lajan nan mitan foul la, se te yon trè bèl anbyans, eksepte, gen kèk nèg ki tap tire gagann tankou se nan kanaval yo te ye.
pipo

Te gen yon nèg ki rale yon bouch kob, epi lap ba moun defi, lap voye kob anlè, pandan li tap voye lajan anlè konsa, se konsa tou te gen yon lot nèg ki di l konsa, depi l soti ak touf kob sa nan men l nan lari ya, lap pran kob la sou misye.

[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=_VaoDj7c1hI” width=”720″ height=”520″]
Nan plizyè bèl ti moman ki te genyen, sak te plis touche moun ki te la yo se te, kote PIPO te komanse chante ” mizik sa ” pou manman li, kote li te di, espri yon manman pa janm kite pitit li”, anko, kote li tap danse tankou Micheal Jackson, epi kote li tap gouye, e menm yon kote li te mande, konbyen tifi ki gen la aswè ya, si gen fanm ki tifi la aswè ya, leve men nou anlè, tout medam yo fè figi yo byen di, epi yo leve men yo anlè
[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=FCruzzBxMXM” width=”720″ height=”520″]
Chak grenn video yo gen prop gou pa yo, gade yo.

[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=FCruzzBxMXM” width=”720″ height=”520″]

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top