Haiti

Dife pran nan vil Jeremi an Haiti

JEREMIE, Haiti – Pandan tout moun te nan mache, sa ki te vin achte e sa ki t’ap vann Samedi 22 Mars ebyen dife te pran nan vil la. Dife a te kòmanse nan yon magazen pwodwi alimantè, e ki vann gaz tou. Vil la gen ponpye men yo pa byen ekipe. Malgre yo te sou plas pou yo te vin etenn dife an, men jan li te parèt trè evidan ke yo pa te ka fè anyen. Moun nan zòn nan se ròch yo t’ap voye sou dife a pou yo wè si yo te ka etenn li. Machin ponpye ki te la jan li t’ap voye dlo a, li t’ap pi bon si moun yo te itilize bokit dlo pi to.

Ponpye nan Jeremei, Haiti - k'ap goumen po yo etèn dife an.

Ponpye nan Jeremei, Haiti – k’ap goumen po yo etèn dife an.

Problèm sa a, se pa sèl nan Jeremie li ye, li nan tout peyi a. Depi yon dife pran nan yon zòn, se swa dife an etenn pou tèt li apre li fin fè ravaj li te gen pou fè an. Ou bbyen se tèt ansanm ak manèv moun nan zòn nan ki etenn li. Akoz te enkapasite ponpye yo ki te sou plas, dife a te agrandi de kay an kay, plizyè kay te arive brile. Moun nan zòn nan te si tèlman sezi yo pa konnen sa pou yo di.

Kay nan Jeremie k'ap brile

Kay nan Jeremie k’ap brile

Photo: Le Nouvelliste

10 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top