Featured

Majistra Lucie Tandreau pote tèt li ale bay lapolis

MIAMI, FLORIDA – Majistra North Miami, Lucie Tandreau pote tèt li ale ba lapolis apre yo te akize’l pou fraude. Malgre majistra di, se manti, se manti, men li pote tèt li ale kanmenm. Madi maten an ki se 20 Me 2014, bò 8 è, Lucie Tandreau rantre kay lapolis ak 2 men li ap balanse, lè l’ap soti, se wè yo wè 2 men l kadnase anba minòt.

Lucie tondreau

Yon kout kouto pou kominite Ayisyen an nan Miami, Lucie Tondreau ki se Majistra vil North Miami an, yo akize li pou “Mortgage Fraud” ( fwòd ipotekrè ) Ajan federal yo te rive lakay li Lundi maten an nan Florida pou yo te ka arete’l, men li pa te la, li te LAS VEGAS al jere yon biznis pou vil lan. Yo te lyen Majistra a yon konplo kriminèl de fwòd ipotekrè.

Yo chaje majistra Lucie Tondreau pou itilize yon emisyon radio kòm yon zouti pou li te ka pran tèt moun nan yon program “mortgage fraude” fròd ipotekrè de $8 milyon dola. Yo devwale akizasyon sa a lundi a, kont majistra avèk 3 lòt moun. Daprè sa yo fè konprann ke krim sa yo te fèt avan li te eli majistra vil North Miami a, ki se yon vil ki gen anpil Haitien k’ap viv ladan.

Pwosekitè a fè konprann ke Majistra ak lòt moun ki akonplis ak li, ilize emisyon radio a, pran tèt moun ki pa te k’ap achte kay, fè yo achte 20 kay, pou yo te ka pran lajan nan men enstitisyon finansyè ki prete lajan.

Nan Peyi Etazini yon moun toujou inosan jiskaske yo ka prouve ke li antò. Yo k’ap akize ou, men prosekitè a dwe gen ase evidans ki pou prouve akizasyon an. Lucie Tondreau se yon fanm vanyan, ki soti Jacmel Sud’Est kominote Ayisyen an la pou sipòte ou jiskobou.

Lucie Tondreau ki se premye fanm Ayisyèn ki majistra vil North Miami, li te eli Juin pase, li te genyen avèk plis ke 60% pou san vot

110 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top