Crime

Yo jwenn Ansyen majistra North Miami Lucie Tondreau Koupab e yo ka ba li 30 ans prizon

MIAMI, Fl – Yon Jury federal jwenn ansyen majistra Lucie Tondreau koupab pou krim yo te akize li an, Fraude sou lajan bank prete moun a enterè pou peye kay ( fraude hypothécaire ) ki monte a yon sòm lajan de 11 milyon dola ke yo di group moun ki te avèk li yo pran.

Sitwayen ki te nan jury sa te kondane Lucie Mardi maten ki te 16 Desanm nan. Lucie Tondreau ka jwenn yon penitans a yon maksimòm de 30 tan prizon pou patisipasyon’l pou zak sa. Yon jij gen pou di’l konbyen tan l’ap gen pou’l sèvi 20 Mars 2015 lan. Daprè sa yo fè konprann Lucie te itilize yon seri de moun ki pa te kapab lajan kay yo te de dwe an, e ni yo pa te kalifye pou yo prete lajan pou yo te ka ache kay. Daprè akizasyon an Lucie te fè sa pou li te ka pran lajan nan men bank ki te konn fè prèt sa yo. Li te arive jwenn moun ak èd yon pwogramasyon radio ke li te konn ladan, kote te gen anpil Haitien ki te konn ap koute emisyon li an.

lucie-tondreau1

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top