HMI

Lwa pran yon atis Disip nan Okap pandan yo t'ap pèfòmè

Samedi 21 Decembre, 2013 – Disip te kòmanse jwe nan FEU VERT NIGHT CLUB, tankou yon nwi òdinè nan vil Okap. Ebyen apre 2 oubyen 3 mizik te fin jwe, Disip t’ap prepare pou yo t’ap jwe yon lòt mizik, ebyen Ti Harry, li toujou akonpanye Gazzman pou li fè koral lè Disip ap pèfòme. Ebyen pandan Gazzman pran mikro pou li te kòmanse daprè moun ki te devan djaz, misye t’ap plede rale mikro nan men Gazzman, O debi Gazzman pa te konprann pou ki rezon li t’ap fè sa, men apre li te vin arive detache mikro an.

Ti Harry

[yop_poll id=”4″]

Lè mesye yo vin remake Ti Harry pa nòmal ebyen yo kouri pran li ale nan twalèt la avèk li. Lè yo rive nan twalèt la LWA te mande pou yon boutèy ronm (Ruhm). D’aprè moun ki te la yo di Ti Harry bwè boutèy ronm nan, nan kèlke segond, se yon bagay enkwayab. Apre sa misye retire bagay nan pye Gazzman li lave pye Gazzman, apre lwa te di Gazzman soulye ki te nan pye li an, pi ga li remete li ankò. Te gen yon sekirite ki te la, lwa mande te mande misye ki gròsè pye’l, misye di se te 12, misye gen menm pye avèk Gazzman. Lwa te fè yo pran soulye ki te nan pye sekirite a, yo bay Gazzman mete’l.

Ebyen apre sa yon polisye te tire anlè, lwa te ale. Apre Disip remonte al jwe konpa, moun ki pwòch djaz la fè konprann ke se pa de konpa Disip lage apre Lwa te fin ale, Disip sanble ak yon djaz ki te mare ke lwa delage. Daprè sa yo fè pronprann Disip te jwe pi byen ke lè yo t’ap jwe avèk Klass nan Club Amazura nan New York nand debi mwa Desanm nan.

An palan de Klass, Rimè ap kouri, yo fè konprann ke lè Klass t’ap jwe nan Amazura nan New York, mesye yo te limen 11 balèn, 12yèm balèn nan te plase devan otèl Gazzman te desann nan.

Pa bliye pandan tout sa ap pase nan vil Okap, Klass te jis an Frans a Paris, kote mesye yo t’ap kouri anba kout boutèy ak kout chèz ki t’ap voye nan Club L’Espace de Venise kote yo t’ap jwe.

Alò kesyon ki monte pou ki sa se Okap Lwa monte Ti Harry nan vil kote Arly Larivierre avèk Richie soti?

[yop_poll id=”2″]
[yop_poll id=”3″]
To Top