HMI

Eske li jis pou yon atis trete yon lòt atis kòm Jida nan HMI la?

Nan HMI la (Haitian Music Industry) si yon moun rete lwen’l, oubyen li pa pote atansyon li gen dwa pa janm konnen ekzakteman sa ki ap pase ladan’l. Pou anpil fanatik Konpa, Konpa Love, yo jis branche yon radio, oubyen yo monte sou nèt lan yo tande mizik yo, epi nan tèt yo, yo panse tout bagay anfòm. Ou k’ap renmen yon djaz men si ou al aprann de istwa yon seri de atis ladan’l, ou va sezi tande konbyen djaz yo pase, ou a panse se basketè k’ap chanje ekip.

Fedner Juda Disip

Kesyon an,

Eske li jis pou yon atis trete yon lòt atis kòm Jida nan HMI la?

Rezon ki fè m’ap pale de sa se paske dènye Video Disip la “Viktwa” yo trete FEDNER kòm Jida ladan’l paske li kite Disip pou li al jwe bas nan T-Vice, apre GÉRALD KÉBREAU te kite T-Vice apre 18 tan li t’ap bay sèvis li nan djaz sa a.

Gen yon bagay ki di

Fò ou gen kè pou ou jwe pokè

Sa Fedner Antoine fè a se yon aksyon ki fèt chak jou nan HMI la, kote atis sa kite djaz sa pou li al jwenn lòt djaz sa. Yonn nan rezon ki fè li fèt souvan se paske anpil nan atis sa yo ap chèche yon kote ki gen plis sekite. Anpil nan atis sa yon gen yon fanmiy pou yo bay manje, yo gen bill, alò kote k’ap peye san ratman, oubyen ki bay plis lajan se la yo voye kò yo pou plis sekirite. Men gen yon seri de atis ki jis pa gen kote pou yo mete dèyè yo chita menm si kote yo ye a bon.

[yop_poll id=”-3″]

Depi avan, atis se te kite djaz pou al fòme djaz pa yo, ebyen jis ka jounen jodi, sa toujou ap fèt. Nou p’ap ale trò lwen, pa ekzanp Gazman te kite NU LOOK pou li te al fòme Disip. Apre Arly Larivierre te kite D’Zine, li t’al fòme NU-LOOK malgre tout sa yo te Ofri Gazman pou li te rete nan D’Zine, li te mare pakèt li, li t’al jwenn Arly nan Nu-Look.

Ou gen Pipo ki te kite Passion de Montreal, pou li vin nan D’Zine. D’Zine te vin kraze yo t’al fè Hangout, bagay yo pa te trò bon nan Hangout, Pipo te kite l’al fè Beljazz avèk Ralph Menelas, lè Gazman te kite NU-LOOK Pipo kite Bèljazz li t’al jwenn Maestro Arly Larivierre nan NU-LOOK pa apre anpil tan li kite NU-LOOK li vin jwenn Maetro Richie nan KLASS.

Ou jwenn Nickenson Prud’Homme ki te kite Zenglen pou li t’al fè Solo atis li, apre sa li vin fòme Harmonik. Menm jan ak Richie ki kite Zenglen pou li fòme KLASS. Kenny Desmangles te kite 509 pou li te vin jwenn Zenglen apre Frero ak Reginal Cange te kite. Reginal Cange kraze pwòp djaz pa li FASIL pou li te retounen vin jwenn Zenglen apre Richie kite.

Ou gen Dano ki t’ap fè gig ak Zenglen apre Nickenson Prud’Homme te kite, li leve li t’al jwenn Gabel san fè eskiz a zenglen, nou p’ap antre an detay. apre li te vin kite Gabel li t’al refòme Beljazz avèk Ralph Menelas, apre Pipo te kite, apre yon ane avèk mwa anpil travay, Beljazz te mete yon album deyò, bagay yo mal koupe, Dano menm kite Beljazz li retounen al jwenn Zenglen apre Richie te kite.

Gen toujou wi, men n’ap kanpe la, HMI la plis ke NBA, atis se kite djaz sa al jwenn djaz sa a. Pafwa sa ki koz sa se paske regleman yo mal fèt, manadjè djaz yo pa peye, ti mesye ap jwe pou granmesi, si yo bezwen yon ti rad sou yo, peye yon ti bil telefòn se yon fi pou y’al mande pou jere yo. Bagay la pa fasil jan li parèt la. Tout atis ap chèche yon kote ki pi miyò pou yo foure kò yo.

Pou mwen reponn kesyon ki poze a, Fedner Antoine

pa yon Juda

. Fedner jis ap jere sa ki bon pou li, menm jan Gazman ap fè sa ki bon pou li. Avan Richie te kite Zenglen li avèk Gazman te gen yon plan byen trase pou te ka fè yon djaz ansanm, apre Gazman fè yon demi tou sou Richie, di li p’ap kite Djaz li.

ALò bagay la di

pa fè moun sa ou pa vle moun fè’w

. Trete Fedner Antoine kòm jida pa bon. Anpil media pa di anyen se paske yo zanmi tèl atis. Anpil fanatik gen dwa pa konnen oubyen bliye tout bagay sa yo. Nou menm bò isit nou vle pote yon ti limyè.

Gen atis ki kite byen, gen atis ki m’al kite. Tò Fedner li te dwe rele Gazman di li, li p’ap la ankò, bay Gazman yon chans pou li jwenn yon lòt basis. Men anmenmtan Gazman pa te byen kite NU-LOOK, se nan bouch moun Arly te konnen Gazman pa nan NU-LOOK. Yo te ka gen ti pwoblèm men Arly pa te panse misye t’ap kite. Te gen yon bal ki t’ap fèt nan Ramada Hotel, nan Miami,FL le 10 JANVIER 2010 , Arly te di

“Li konnen Zanmi Gazman yo la, di Gazman djaz li la ap tann li”

Dlo te koule nan zye Arly nan premye bal li te jwe san Gazman nan NU-LOOK nan Labadee Night CLub, nan Fort Lauderdale, FL le 9 Janvye 2010, kote sa te fè li mal ke gazman te vire do’l bay NU LOOK.

Arly Larivierre

Alò sa nou ka di sou bagay JIDA, si Fedner Antoine se yon Jida, ebyen tout HMI la se JIDA.

To Top