Haiti

Haiti: Le candidat au Senat pour le Nord, Mr J. Jodelle Jasmin, en entrevue

1. Tout Koze eleksyon: Brievement Mr, fe yon auto biographie de ou pou nou

Mr Jasmin: Jean Jodelle Jasmin fèt limbe en 1976. Manman l fet limbe, se Marie Jeanine Ernest. Papa l , Jean Jodeph Jasmin fèt Bahon e li grandi Grande Riviere. Jean Jodelle fe etid prime li FIC limbe ant 1982 a 1989. Li fe etid segonde li okap nan kolej notre dame p s de 1989 a 1996. Li etudye relasyon internasyonal nan ANDC Potopwens. Li komanse etid nan sosyoloji tou nan Fakilte syans zimen potoprens,Li spesyalise li nan diplomasi Integration, droit internasyonal piblik, Li etidye telekominikasyon, Li komanse travay nan Haitel en 2002 kom ajan sevis a la kliyantel.
Li kite potopwens an 2004 epi li retounen okap travay nan Haitel okap kom ajan de vant Li lanse Digicel nan depatman nord la an mai 2006 kom sipevize 3 magazen celtek yo. En 2007 li Dealer account executif pou digicel kote lap supevize 34 magazen digicel ke gen nan no ak nodes ak kek nan latibonit (marmelade ak enneri). En 2009 li team leader pou ekip adninistration digicel nan Nord ak Nodes. An 2010 li Regional Manager pou 3 depatman Nord, Nord Est ak Nord Ouest pou tout sa ki konsene Digicel nan 3 depatman sa yo, En 2011 li deside kandida pou tiers senat ki te pwal renouvle. En 2012 li pase area manager pou nord ak nord est. En 2013 li Operation Manager Nord, Nord Est. Jodelle marié en 2005 ak Darlyne Manigat timoun Nord Est ke li te rankontre nan ANDC POTOPWENS.Yo gen 3 pitit Gason, Radjiv Olivier, Tristan Xavier ak Cedric Meleck

2.Tout koze eleksyon: kisa ki motivew pouw al reprezante Nò a antanke senatè?

Mr Jasmin: Premye rezon an se dezir mwen pou pote kontribisyon kinanm nan mete kanpe yon lot klas politik. Mwen rete kwe ke gen yon lot klas politik ki dwe pwan plas sa ki la yo pou fe bagay yo yon lot jan. Mwen kwe ke fok mwen bay le ton.
2 eme rezon an se yon ekip moun ki angaje yo nan batay sa e mwen fe pati de ekip sa. Nou chwazi sena paske an 2011 le nou te pwan desizyon an se te tyè sena ki te gen pou renouvle e nou panse ke nou dwe komanse pa la lwa. Travay pou sa ki rele etat de droit a yon reyalite. Se a pati de la pou nation an fonde ou refonde. Two lontan nou rete de lwen ap kritike alos nou pwan desizyon pou enplike nou.

3. Tout koze eleksyon: lew chita sou fonction fondamentale yon parlementaire eskew panse ke a travers fonction sa yo wap gen assez de moyen pouw abouti a objectif sa ki se mete sou pye yon lot klas socio economique nan pays?

Mr Jasmin : Pa bliye pwemye objectif la se bay egzanp pou lot jeune rantre nan politik a tout nivo. Se apati de renouvelman klas politik la ak yon gwoup moun kap fe politik yon lot fason pou devlopman socio ekonomik sa komanse.
Dezyeman se nan mete kondisyon favorab pou jeunes yo ka entegre nan zafe sa yo kap fasilite chanjman sa yo. Role mwen se mete lwa, fe aplime lwa kap favorab a integrasyon sa. Epi an plis de role yon palmante ki se fe lwa, vote lwa, siveye lot 2 pouvwa yo, fe kontrepwa pou anpeche abi de pouvwa yo yon palmante nan yon peyi kom ayiti gen wol ajan devlopman tou. Se li ki pou prepare cadre legal pou kolektivite yo jwe role yo. Se li ki pou ede kolektivite a pwan bon desizyon pou devlopman zon yo.

4.Tout koze eleksyon: Si ke wap pale d’Etat de droit ou suppose respecte yo e courbe a fonction sa yo maintenant se pa ki moyen ou pral pase a travers fonctions sa yo pouw integre yon lot klas socio-economique nn pays a?

Mr Jasmin:
1 bay ekzanmp lan paske yo fe nou pè rantre nan politik,
2 anpil nan nou depi nou rive nan klas mwayen nan nou ka manje, nou gen yon ti kay nou pa rantre nan politik kom kwa se afe moun ki pap fe anyen.
3 nou telman gen move ekzanp palmante ki pase yo nou pa fe pesonn konfyans sa ki dekouraje nenpot moun ki te gen bon volonte. Alor mwen di se mwen goumen mwen reussi premye viktwa se le lot jeune profesyonel parey mwen deside rantre nan politik paske yo we gen youn nan yo ki fe sa. Se la mwen ka komanse pale de chanjman klas politik la ki pwal bay des parlementaire ki pwal ka jwe role yo, ke pwal gen majistra ak kazek ki pwal jwe role pa yo E se a pati de la ke chanjman socio politik yo ap kom

5. Tout koze eleksyon: koman ou konsidere déportation Ayisyen St Doming yo?

Mr Jasmin :Nou pa ka jis di paske yon moun pa konn sa ki deside oubyen pa we ki kote ou vle vi i epi date la pa cle di anyen pou li. Mwen tre peocupe pa pawol sa plis ke nou te ka panse, Mwen te fe grand oral mwen sou relations st domingue ak Haiti Premier bagay la se akoz de diplomatie nou ki pa kanpe sou anyen. Nou pwan yon paket moun mete nan piste diplomatic yo alos ke yo pa konn anyen nan diplomatie. Poko janm gen yon gouvenman ki mo te ki deside pwan zafe sa jan li ta dwe. Fok mwen di w ke dabo se nou ki pou fe respe nou pou yo respekte nou .Sa nou komanse fe a par ekzamp. Kesyone moun ki vle dirije nou sou zafe ki preokipe nou. Le sa yap rann kont ke se yon fos nou ye e ke nenpot ki moun ki vle kandida dwe gen plan sou konan yap vinn regle tel koze

Le sa lot klas politik la ap emerge paske gen anpil moun ki etidye pou sa.
Gad koman mesye yo te trete afe salami a Afe desizyon lakou konstitisyonel. Nou komanse fe yon bel mobikizasyon entenasyonal epi mesye yo al negosye apa.Fe yon vye dyalog bilateral ki pa kanpe sou anyen alos ke international la te komanse fe bel pwesyon sou sen domeng. Mwen asire w se youn nan peocupation nou nan ekip pam nan. Fok nou abode kesyon dominicanie an yon lot jan e anplis ak fermete e serye pou sa chanje

6. Tout koze eleksyon: eskew k explike n’ koman ou konte fè etat de droit sa etabli?

Mr Jasmin : Etat de Droit pa lot ke la dictature des lois, Aplikasyon yo,
Adaptasyon yo a sosyete nou bezwen genyen an. Fe lwa sou sa ki poko genyen, Aplikasyon yo se moun, Ki moun kap nan chanm nan, nan justice la epi nan ekzekitif la, Pa bliye ke etat de droit vle di tou dwa a la sante, A l education, A la justice,Etc etc

7. Tout Koze eleksyon: Siw ta rive Senateur, ki premye premye bagay ou wè kew te ta supoze manyen pou No a? E anplus evalye chans pou nou pouw arive Senateur,

Mr Jasmin :Chans mwen depann de nou, Premye sa nap travay sou li se fe yon block parlemtaire grand Nord la kote senate Nò, Nòdes, Nodwes latibonit, sant ka mete ak depute yo tou pou fe yon gwo blok pou defann entere gran nord la, Si mwen ale pou kom sa mwen vle pase yo ka paka pase, Men nou ret konfyan ke nap reusi paske ekip la ap travay pou sa e mwen dedye m a sa, Fè ideal Kristof la repwann vie, Paske mwen kwe ke fok nou bay tet nou ak depatman chans pou gen representant valable, Li depann de mwen tou piu jan mwen pwal angajr m nan lut sa ki pa fasil ak a pue pres 30 kandida pou 2 poste a combler, Paske mwen kwe ke tout lot bon tra ay yo pwal dekoule de sa

8. Tout Koze Eleksyon: Kisa w panse si peyi a divize tankou sou tan Christophe? Kote nou vin ap pale Kounya de grand Nord? Paske Potoprens anpeche lot provens yo demare…

Mr Jasmin: Mwen te konn panse a sisyon an tou men nou ka fel yon lot fason
Si decentralizasyin an pase jan li dwe pase a. Jan li ye nan loi a nap gen yon depatman ki met tet li. Kote desizyon administrative yo ap soti nan chak depatman nan fason ki pi ap bon pou yo a. Mwen gen yon zanmi ki nan ekip la ki ap travay sou yon proje tankou model etazini anEtat federe.Tap gen 5 gran region nan peyi a kote chak tap gen yon Gouverneur. Mwen pa rivi jus la men ak yon decentralisation effective nap gen resulta similaire.

9. Tout koze Eleksyon: Nan politik Ayiti Eske jan kanpay finans a pa yon pwoblem pou yon palmantè egzèse fonksyon nan diyite ak onètete? Paske le yon boujwa kontribiye nan finasman yon kanpay lap tann yon bagay an retour

Mr Jasmin: Men yon lot fwa anko se bon elu nan palman an ki pwal bay rezilta sa,Bal la nan pye nou,Se toun nan rezon pou nou pwan reponsablite nou pou bay piti ke li ye. Pou se ak nou palmante yo travay. Se a nou yo gen redevans, Mwen konpwann ke nou ka pa ka bay kob men gen anpil sa nou ka fe ki pwal fe kanpay la koute l mwens kob. Lap gen mwens bezwen epi pwan mwens kob nan men moun ki pwal koronp li.
Men tou menm le yon kandida pwan kob nan main boujwa tankou w di li pa oblije fe 4 volonte boujwa non plis. Sitou si volonte sa depaman ak entere pep ki te vote l la. Men sa rive nan tout peyi ke moun ki gen kob finanse kanpay yon kandida se fos karakte kandida ak lwa yo ,fos enstitisyon tankou la jistis ki pwal mete palmante a sou pinga l. Men le se yon ekip lap difisil pou pesekite tout, Epi le se yon sel moun li fasil piu pesekite l. Si yon moun pe pesekisyon li pa ka rantre nan politik, Se sak fe mwen tounou pale de ekip. Mwen reyisi nan vi m paske mwen te nan yon ekip nan katye m, nan lekol mwen

10. Tout Koze Eleksyon: Etant ke haiti se yon peyi a ekonomi retourné directement vers l’agriculture et ke peyizan yo fe parti de classe socio-economique ki pi deprave an, nan ki sans ou konte induit parleman nan yo demarch pou secteur sa? Eske ou pa panse a projet de loi sou domaine

Mr Jasmin: Se youn nan point mwen yo, Mwen panse dabo a yon reforme agraire serye, Paske pi gwo pwoblem peyizan se dabo jwenn terre pou yo travay. Epi nou pa ka rete nan enstriman agrikol ridimante sa yo. Pou sa fet fok leta subvansyone agrikilte a
Mete bon jan bank kredi agrikol tou
Nou pa ka ap tann lapli pou wouze jaden
Fok nou fe yon politik irrigasyon serye
Si nou rezoud pwo lem agrikilti sa nap gen mwens pwoblem ak sendomeng men moun pwal travay nam batey yo yap rete lakay yo travay Nou pap depann de yo pou manje Nap ka enpote tou donk an pati pwoblem dola ak goud la ap rezoud

11. Tout Koze Eleksyon: Kisa ou panse ke Nord a ka fe pou paret sou map mondial la plus de manière économique? Épi kisa ou ka Fe pou Ayisyen ki Saint Doming yo si yo déporté yo?

Mr Jasmin: Byen ke mwen tre regionaliste men mwen pa kwe nou ka abode kesyon sa ak le Nord selman. Jiska pwezan main ak pieds nou lye pa pouvwa santral la, Okenn otorite nan depatman pa ka fe anyen nan kad macro san yon desizyon national, Daye nou pa gen yon sekte prive ak sekte affaires ki fort nan depatman Nord la, Nou ka toujou fe ti efo, fe yon plan dakey Men menm sa nou gen la deja yo nou pa ka kreye job pou yo voir pou lot kap vini anko.
Se repwezantan Nord yo ki pou fe ase pwesyon sou gouvenman pou regle koze sa nan fe pwopozisyon tou, se pa nan politik selman pou nou jeunes pou nou entegre nou non, Sou plan ekonomik tou fok gen yon lot klas homme d affaires ki emerge, Ki ka mete ansanm pou monte gro entreprise olye chak neg fe yon ti boutik, Komanse fe consortium pou bay neg potopwens tet, Pou nou sispann vann an detay pou yo, Rantre nan industrie touriste la ak Nan agro alimentaire.

12 . Tout Koze Eleksyon: Ki pozisyonw sur le fait ke gouvenman Ayisyen an subvansyone duri ki enpòte a au détriment de Duri lokal la? Duri Latinonit lan.

Mr Jasmin: Se te yon ere total kapital ki bay nou rezilta sa, Menm president Bill clinton rekonet sa nan yon entrevue li bay,Nou detruit prodution national nou,Le nou dekouraje peyisan latibonit yo kiltive diri. Fok mwen di w se pa sel latibonit. Limbe, st raphael ak plaine du nord te konn pwodwi diri tou. Mwen konpwan ke li te ka yon desizyon transitoire an atandan nou remanbre agrikilti nou. Men se pa sa nou fe. Fok nou gen anpil kouraj pou kanpe devan boujwazi revande ki we li pi fasil e koute mwen che pou ht diri etazini ak taiwan olye yo plante li isit la. C est aberrant.

13. Tout Koze Eleksyon: Pandan nou nan Nord a la tju ? E ki pozisyon w sou WÈCH la ? Yn izin ki te konn bay anpil moun nan Nord travay e ki te konn pwodwi tou Batay sa m pa kwè ke se sel Nord a ki pral benefisye. Se tt peyi a uiii

Mr Jasmin: Mwen avi pam istwa Welch la se zam ke politisyen ap utilize pou pale anpil. Se vwe ke te gen Welch men kom li pa la anko nou pa ka nostaljik ap rale zel kat sa chak fwa nou bezwen montre ke nou regionaliste. Kesyon an se pou kiyes li te ye? Sak fe li te femen Pou mwen li pa ta menm supoze nan de a anko. Nan tput peyi gen entreprise ki te la men ki pa la anko. Kounya se kreye kondisyon favorab pou gen yon lot tankou welch nan plizye kominn nan depatman.
Quartier Morin, milot, plaine du nord fe anpil kann li ka gen o mwen 2 konsa. St Raphael ap pwodwi anpil legumes ak fruit ka gen yon lot izinn la ki fe transfomasyon fruit ak legume. Men se secteur prive map di nou an ki pou naitre
Yon ekip jeune gason ki deside rich se vwe men nan envesti lakay yo. Le sa tout moun ap jwenn. Men fok gen bon leta ki pou kreye okasyon favorab sa yo epi kad legal ki pwal bay envestise etranjr tankou lokal konfyans, Ak pwoteje en estisman yo

14. Tout Koze Eleksyon:si tout fwa ou pa ta rive sénateur kisaw konte fè pouw konkretize idéologie sa ??

Mr Jasmin: Mwen te komanse deja avanm mwen kandida map kontinye apwe. Senate ou pa. Dabo nan ankouraje jeunes piu al brige post elektiv yo, Answit rantre pi fon nan entreprenarya agrikol la, Mwen komanse deja,Answit kontinye vann lide sa yo nan lekol ak univesite yo

15. Tout Koze Eleksyon: Ki estrikti ki ka mete anplas pou pwojè jèn yo gen suivi?

Mr Jasmin: Pa bliye 3 pwen enpotan nan integration jeunesse la se
1 edukasyon. Fome jeune yo montre yo koman pwoje monte, bon fomasyon solid, 2 ankadre yo
Mete strikti nesese pou le yo fin pwan fomasyon sa yo pou yo jwenn kote pou yo mete yo an pratik, 3 Akonpanye yo paske yo bezwen expertiz ak eksperyans pi gran yo avan ke yo ka vole de pwop zel yo epi pou vinn ekzanp pou lot jenerasyon kap vini

16. Tout Koze Eleksyon:Ak ki je u gade concurrent u yo pou post senate nan no a? Ki asirans ou gn si tout kandida pou post sa ki pwal pale nan kanpay bien sur,vini ak menm ideologie ou yo ke ou fe nou part de yo aswe a la?

Mr Jasmin: Malerezman mwen pa konn sak motive tout kandida yo ni sa yo gen nan djakout yo.
Men mwen pa gen pretention ke se mwen sel ki gen bonne volonte sa.
Ka byen genyen lot ki gen volonte a tou oubyen menm lide yo menm le faso. Nou we solution yo ka pa menm Men mwen respekte le yon moun deside kandida paske se pa bagay fasil nan peyi sa. Rete pou nou fe la part des choses. E se deba ant kandida yo ki ka fe nou we kiyes ki ka pi byen repwezante nou. Nan moman sa, Nan konteks istotik sa

17. Tout Koze Eleksyon: Sou ki axe pati politik paw la santre

Mr Jasmin: Pati politik mwen an se PONT ki vle di pou nou tout, Se yon pati centre gauche. Ki te fonde par jean Marie Cherestal en 2005, Nou gen nouvo coordonateur pati a ki se senateur Evaliere Beauplan, Li vini ak 5 axes prioritaires, Identification, Nou dwe komanse pa identifie nou Infrastructures, Institutions, Renforcement institutions nou yo, Investissement, Internationalisation.

Source/J. Jodelle Jasmin
Photo/J. Jodelle Jasmin
www.anmwe.com

2

To Top