Culture

Yon nasyon 2 tèt

Nou toujou di konesans pa ni nan pye ni nan ponyèt, konesans se nan tèt. Men ki tèt? Nou mande yon nouvo fòm edikasyon pou n’ chanje sèvo pou n’ kapab espere gen yon peyi nouvo yon jou. Men ki edikasyon? Eske se lekòl sèlman k’ kapab edike yon moun? Daprè neyosikloji tout moun fèt ak menm kapasite serebral men fason nou fonksyone fè anpil moun panse mal de nou. Eske tèt grenn pa kapab fè anyen k’ bon? Pou kisa tèt grenn vle vin tèt swa pandan tèt swa ap mouri pou tèt grenn?

Nan mwa Oktòb sa a ki konsakre ak lang ak kilti Kreyòl la, nou deside pataje kèk bèl konsèy ak tout nasyon tèt grenn ki ta gen nan tèt li si cheve l’ pa long epi swa tou l’ pa bèl. Nou ta renmen komanse ak kesyon, ki wòl Ministè Afè Sosyal ak Travay nan deriv sosyete nou an? Nan tout peyi serye gen yon ministè afè sosyal ki kwafe 2 sèks sa vle di fi ak gason, epi konn genyen tou yon depatman nan ministè sa a ki entèrese ak pwoblèm fanm ap viv nan sosyete a. Men nan peyi pa nou an, nou retire fanm sou titèl ministè sa a epi nou kreye Ministè Kondisyon Fanm. Ak 2 ministè sa yo nou ta dwe gen yon sosyete solid kote tout fanm gen valè, tout fanm respekte tèt yo epi konnen tou yo kapab bèl ak cheve yo genyen an san yo pa bezwen itilize yon pwodui chimik pou degrennen tout lage atè aprè pou yo kouvri po tè la ak grèf, perik elatriye. 2 ministè sa yo ta dwe batay pou fè pèp la konnen li ka bèl san li pa bezwen chanje koulè l’.

Jan nou toujou di sa, li pa janm twò ta pou n’ korije fot nou fè nan pase nou, an nou fè emisyon nan radyo ak televizyon pou ede pèp la konnen li pa pou kont li. Chak jou nou te kapab debat yon sijè tankou; kisa ki bote? Pou kisa moun vote? Kilè yon moun gen rezon ak tò? Kisa k’ demokrasi? Ak sèlman 15 minit pa jou nan yon ti ribrik tou senp nou t’ap sezi wè kijan sosyete nou an t’ap chanje direksyon.

Eleksyon sou eleksyon ak lajan ponya pa janm gen yon kandida ki soulve pwen sa a. Kote sosyete nou an tounen yon baka sou nou. Okenn kandida pa pwopoze yon solisyon pou rezoud pàn sosyete sa a ki enpoze Ayiti devlope a. Yon peyi kote granmoun, ti moun ak fanm ansent pa gen okenn priyorite, ki kandida k’ pwopoze yon solisyon? Pèp la bezwen èd, pèp la manke kwè nan tèt li, pèp la sou kont twòp nasyon, ideyoloji anvayi nou epi n’ pa konn kisa pou n’ pran ak kisa pou n’ refize nan yo. Tout moun ap ekri “cheve natirèl” sou rezo sosyal yo men depi w envite youn nan yon ti fèt li di ou fòk li ta mete pèmanant. Pou kisa nou pa ede pèp la gen konfyans ak fyète a avan nou pale de devlopman? Se tèt ki kenbe kò, si nou pa gen tèt nou p’ap janm kapab reyalize anyen pandan tout ekzistans nou. Mesye dam pran tèt nou tande!

Djems VILLARD

chapeau

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top