Culture

Boukman Eksperyans, BIC, Vwadèzil…pivo lang ak kilti Kreyòl Ayisyen

Si anpil gwo potorik gason nan batay pou bay lang Kreyòl la zouti tankou Moris Siksto, Langichat, Pradèl Ponpilis, Pyè Vènè elatriye pase kou kout zèklè nan je tout dirijan k’ pase nan peyi a. Nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl la, nou vle pran yon moman pou n’ fè lwanj pou kèk atis ak gwoup ki ede Kreyòl la anpil epi ki ap viv toujou. Lè n’ap gade byen fason sosyete a ap vanse nou wè se pèdi sèlman n’ap pèdi tout bèl valè nou te genyen. Men sektè mizik la se youn nan kote lang Kreyòl jwenn plis chans pou l’ taye banda. Menm si se ak 80% atis ak gwoup mizik nou yo fè lang nan pale. BIC, Fresh La (Vwadèzil), Zenglen, Boukman Eksperyans, Raram, Ram, Koudjay, Rasin Mapou (Azor), Rèv, Kanpèch ak tout medya tankou Anmwe News elatriye, nou bese nou byen ba pou n’ di mèsi pou sipò nou bay lang pèp Ayisyen an.

Depi nan tan lontan lè yon moun bezwen tande bon jan tèks Kreyòl se souvan nan mizik yo te konn voye je gade. Rive jounen jodi a ak jenerasyon sa a tou gen anpil bèl tèks ak anpil nouvo mo ki wè jou sitou ak revolisyon rap Kreyòl la nou panse ki se yon okazyon lò pou lang nou an. Jan anpil nan nou konnen sa, yon ministè nan yon peyi se yon enstitisyon k’ gen anpil responsablite epi ki enpotan anpil tou. Men nan peyi Ayiti ministè se kote k’ pi fasil paske chak ministè gen yon sèl bagay li fè. Ministè Enteryè fè paspò, ministè edikasyon nasyonal fè ekzamen, ministè kilti fè kanaval pou n’ site sa yo sèlman. Epi fòk nou di tou se yo k’ travay plis..!

Nan okazyon jounen mondyal kilti ak lang Kreyòl la nou vle remèsye atis ak tout enstans ki pote kole anpil kit se volontèman tankou envolontèman nan bay lang ak kilti Kreyòl bourad. Lang nou se nou, se nou k’ pou pran l’ ak tout valè l’ merite epi bay lang nan tout kote nou ye sou latè. Nan menm lide sa a tou leta Ayisyen ta dwe ankadre tout jèn ak tout enstitisyon ki la pou travay sou lang nan plis, yon mannyè pou chat pa pran lang nou demen. Paske jan nou toujou di sa lang Kreyòl la se yon kle inivèsèl an Ayiti. Li ouvè tout pòt pou moun ki konn kisa yo ap fè ak kisa yo vin chèche sou tèritwa a. Nou kapab wè klè kijan anpil konpayi nan peyi a fè pwofi nan itilize lang Kreyòl kòm zouti pou fè reklam ak pwomosyon pou pwodui. Se paske moun ak konpayi sa yo byen fòme nan zafè biznis ki fè yo itilize lang nan yon mannyè pou fè biznis yo mache byen. Si dirijan nou yo bay lang nan valè li merite epi fè li sèvi nan tout bwat nan peyi a, pèp la tou pral fyè li se Ayisyen ak gran A epi li pale Kreyòl ak gran K. Paske lang moun pale a se li k’ pi enpotan nan karakteristik ki diferansye moun ak lòt vivan yo.

Mèsi ak tout moun k’ap batay pou bay lang Kreyòl valè epi fè l’ viv pi lontan, mèsi ak tout moun ki kontribiye nan yon sans oubyen nan yon lòt. Mèsi ak moun ki kontribiye volontèman tankou envolontèman paske lang Kreyòl la se nou epi nou se lang Kreyòl la tou. Se pou sa lè boujou yon plant byen vini li fre yo rele l’: Kreyòl. Kreyòl pale Kreyòl konprann!

Djems VILLARD

kreyol-02-1-1-

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top