Haiti

Avyon ak elikoptè de gè Dominicain t’ap vole a kote frontyè Haiti

DAJABÓN, Rep. Dominicaine – Militè Dominiken gen avyon avèk elikoptè ki t’ap vole a kote frontyè a antre Ouanaminthe ak Dajabón. Media Dominiken konsidere’l kòm yon aktivite rekonesans.

Yon sous militè Rep. Dominicain fè konnen ke avyon ak elikoptè militè sa yo te vole se pou yo te fè repons pou 24 kamyon ke Haitien yo konfiske lòt bò frontyè an, pou tanta Haitien yo te fè, ke yo t’apral mete dife sou konsila Dominiken an nan Ouanaminthe e pou grèv yo te anonse k’ap fèt pou mache ki fèt Lundi ak vandredi tou pre frontyè an.

LI ATIK SA TOU: Rep. Dom: Des dizaines de camionneurs dominicains ont peur de franchir la frontière

Moun nan zòn frontyè an te ka 2 avyon militè sa yo ki t’ap vole anlè an bò 7h nan maten, epi elikoptè yo te vin pase 2h tan aprè. Se dezyèm fwa ke avyon militè Dominiken pase ba kon sa nan vil Dajabón epi ap fè longè frontyè an, avan yo te aprann ke Haitien yo te vle mete dife nan Consila Dominiken an nan Ouanaminthe.

Malgre Haitien yo te anonse grèv pou mache a pa te fèt, ebyen jodi Vandredi 6 mars lan, mache an te fonksyone san okenn ensidan.

LIRE AUSSI: Déjà 4 morts dans une chasse aux hougans dans le Sud

avyon-de-ge-dominiken

SOURCE: El Caribe

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top