Crime

Yon pastè Haitien nan Florida nan prizon paske li te vyole yon ti fi 10 zan

FORT-PIERCE, FL – Polis te arete pastè Yves Similien apre yon ti fi te pote plent pou li, apre li te vyole li plizyè fwa lè li te gen sèlman 10 zan.

yves-similien

Pastè Yves Similien ki te dirijan legliz First Haitian Christian Church nan Fort Pierce, te konn fòse ti pitit 10 zan fè sex avèk li avan l’al fè legliz le Dimanch. Legliz li an te nan 9th Street, nan Fort Pierce, men konnye a gen yon lòt legliz ladan. Ti pitit lan di polis, li te konn di’l depi li di yon moun sa, l’ap tiye ni li, ni manman li.

Li te si tèlman kwè pastè an te ka fè li mal, li ripòte zak malonèt sa pastè an te fè sou li an apre 2 zan. Li fè polis konnen, chak fwa li te konn fin vyole li, li te konn al lage’l nan lakou yon lòt legliz, ki te tou pre an ki rele “Common Ground for service” avan li retounen nan legliz pa li an pou l’al preche. Pastè legliz “Common Ground for service” Todd Smith fè konnen li pa janm konn wè pastè Yves Similien, e li pa asosye avèk legliz pa li an, nan ankenn fòm.

Pastè Similien ki te soti New York vin Florida semèn sa, te pote tèt li ale bay polis pou Sipò ti moun li pa peye (Child Suport). Ebyen polis te tou mete men sou li. Li di wi polis, li rekonèt ti pitit lan, men li pa janm fè sa ti fi an akize li an. Li di ti pitit lan avèk manman li te konn mache nan legliz li an, e pa fwa li te konn kondwi’l lakay li.

SOURCE: CBS12.COM

5 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top