Crime

Yon mesye 40 an fè prèske yon ane ap vyole yon timoun jiskaske li rive ansent li

Florida – Lapolis arete Jean Robert Monclaire ki se yon Ayisyen ki genyen 40 an poutèt li ansent yon ti dam ki ap viv nan menm kay avèk li ki genyen sèlman 16 an. Daprè sa lapolis di, prèske pou tout yon ane, chak swa, Jean Robert Monclaire rete tann tout moun nan kay la domi, li leve epi li rantre nan chanm ti dam nan epi li al fè sex ak li. Lè ti dam nan mande mesye Robert poukisa li fè sex avèk li, Monclaire di ti dam nan, li kouche l avan lòt moun kouche l. Sa vle di, li vle se li ki premye nèg ki kouche ti dam lan.

Jean-Robert-Monclaire

Daprè enfomasyon ke madmwazèl la ba leta, li di ke li vin’n Etazini le 4 jiyè 2009, apre li gen yon ti kras tan nan peyi a, chak swa, mesye Jean Robert Monclaire rantre nan chanm li epi fè sex avèk li. Misye komanse fè sex avèk li depi an jiyè 2009 jiska mwa Juin 2010. Nan deklarasyon ti dam nan kontinye fè, li fè konprann ke rezon ki fè mesye a te menm sispann fè sex avèk li se paske pou vakans 2010 la, li te ale Ayiti.

Lè vakans lan fini, ti dam nan di se lè sa li dekouvri ke li te gentan genyen 4 mwa ak yon ti bebe andedan vant li. Lè leta fè ADN pou Monclaire, rezilta prouve reyèlman vre ke se Jean Robert Monclaire ki papa timoun nan.

Apre 2 zan envestigasyon, lapolis jouke mesye Jean Robert epi flanke l nan prizon. Pou konye a, mesye Jean Robert Monclaire poko konnen kilè leta ap lage l e konbyen tan li pra l fè andedan prizon an.

Source: Palm Beach Post

74 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top