Crime

Yon jèn gason pèdi lavi’l pa yon bal polis nasyonal UDMO , devan lakay li.

BON-REPOS, Haiti – Nan Lilavois moun nan zòn nan te leve kanpe pou yon rout 10km ki an movè eta pou te kapab fòse otorite lokal yo e gouvènman Martelly pou te fè yon bagay ak rout sa. Daprè moun zòn nan Prezidan Martelly te promèt yo sa, ke li t’ap ranje rout la pou yo. Sa te gen plizyè jou depi Lilavois te cho. Ajan UDMO ( l’Unité départementale de maintien d’ordre ) avèk CIMO ( Corps d’Intervention et de Maintien de l’Ordre ) ki fè pati de PNH (Police National D’Haiti) te ale pou al mete lòd nan zòn nan.

noel-viktim

Men Mercredi a, tout fistrasyon moun sa yo te eklate, e anpil aksyon vyolans te kòmanse ap komèt. Te vin gen anpil ròch ak boutèy ki t’ap voye, Karotchou t’ap boule. Ajan UDMO avèk CIMO te etabli pou okazyon sa yo, te pran direksyon pou Lilavois. Lè yo rive pou yo te ka mete lòd, yo t’ap tire gaz akimojèz pou te k’ap fè mou gaye.

LI ATIK SA TOU: Brésil 2014 : De la nourriture contaminée dans les hôtels des sélections anglaise et italienne

Pandan tout sa t’ap fèt te gen nan polis yo ki t’ap tire katouch. Daprè rezidan Lilavois yo t’ap tire bal so yo menm. Ebyen yon jèn Gason ki nan Trantèn li, te devan lakay li te arive pran yon bal, e li mouri sibit man. Non viktim sa se Noël. Plizyè temwen di se yon polisye UDMO ki tire’l. Fanmiy Noël di menm bagay la tou, se yon polis UDMO ki tire li tou.

LI ATIK SA TOU: Yon sè prezidan Michel Martelly poze kandidati’l pou gouvènè eta FLORIDE

Daprè temwen yo ki di, polis yo t’ap tire sou foul la, fè konnen ke Noël la pa te menm nan mele yo ki t’ap pase an. Li jis kanpe devan kay li, e li mouri inosan. Anplis te gen 5 lòt moun ki blese.

Some SOURCE: HPN

29 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top