Crime

Reponn Kesyon sa: Kouman yon Haitien ka fè yon krim an Haiti, pou l’al jije an France

Yon lòt fason Fransè demontre nou menm Ayisyen nou ENKONPETAN. Amaral Duclona ki te yon chèf chimè, akize ke li kidnape epi tiye Claude Bernard Lauture yon chèf antrepriz Franco-Haitien. Madanm Claude Bernard ale an France pote plent. Fransè yo fè envestigasyon, yon telefòn ke Claude Bernard te rele frè li, pou te peye kidnapè yo lyen Amaral Duclona a kidnapping nan.

Nan tout ka, JISTIS pou viktim Claude Bernard Lauture trè nesesè. Men kote jiridiksyon peyi Fransè nan krim sa, pou yo ekspedye Amaral Duclona an France pou li al jije. Eske Amaral Duclona ap ka fè yon pwosè jis, lè tout yon peyi deja kont ou. Se ki avoka ki pral defann li. Nan bon sans si yo te vle asiste gouvènman Ayisyen an nan envestigasyon an, pou te ka jwenn Amaral Duclona koupab, sa t’ap parèt trè jis, men ekspedye li nan yon lòt peyi ki gen lòt lwa diferan de kote krim nan fèt lan pa nòmal.

Fansè te ka jije li anba lwa entèsyonal, men pa anba lwa Fransè. Tout moun yo akize inosan jis kaske yo ka prouve tò li. Mennen moun sa anba sistèm lwa peyi’w lan, li dwe jwenn menm opòtinite pou li defann tèt li menm jan avèk yon sitwayen k’ap viv nan tè a. Li t’ap bon pou gouvènman Ayisyen di yon mo nan sa a. Menm si li koupab oubyen inosan, li toujou yon sitwayen Haitien, e krim nan te fèt sou teritwa Haitien.

amaral duclona

165 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top