Featured

Kominote Haitienne nan kanpe djanm dèyè Lucie Tondreau nan Miami

MIAMI, FL – Plizyè emisyon radio Ayisyen nan Sud Floride, bay oditè ak oditris yo konsèy pou yo bay sipò yo a majistra North Miami Lucie Tondreau, ke Ajan Federal (FBI) akize pou “Mortgage Fraud” fròd imobilye, avèk 3 lòt moun ki te asosye avèk li. Gouvènè Floride lan Rick Scott sispande Lucie Tondreau kòm majistra North Miami apre li te pote tèt li ale, e yo te arete li yè ki te Mardi 20 Me a. Vis majistra North Miami Philippe Bien-Aime ap sèvi kòm majistra pou konnya. Vil North Miami an gen 60 jou pou yo fè yon spesyal eleksyon pou ranplase Lucie Tondreau.

Lucie te rive nan tribinal la ak men’l pye’l minote. Te gen ape prè 30 sipòtè Lucie nan tribinal la, ki t’ap tande sa jij la t’ap di. Apre Lucie Tondreau te soti nan tribinal lan, li te fè tout moun konnen trè kle ke li inosan de tout akizasyon sa yo, yo mete sou do li an. Te gen yon group moun ki te vin pote sipò yo ba li.

Pou anpil Ayisyen k’ap viv nan Miami, arestasyon Lucie Tondreau afekte yo anpil, gen anpil moun ki poste sou Facebook yo sa fè yo tris. Majorite moun nan kominote Ayisyen an kwè se yon konplis yo monte sou majistra, pou k’ap retire li nan biro majistra. Avan akizasyon sa yo, apre Lucie te fin eli kòm majistra North Miami avèk plis ke 60% vot, yo te kòmanse yon envestigasyon sou preteks ke li te fè magouy pou li te ka gen tout vot sa yo. Apre tout envestisgasyon, yo pa te jwenn anyen sou li. Ebyen se tout bagay sa yo ki fè anpil moun rete panse ke akizasyon sa yo gen pou wè ak politik ladan. Yo jis vle sal figi Lucie Tondreau pou yo ka retire li nan pòs majistra. Lucie ki se premye majistra fi Haitien nan vil North Miami. Vil North Miami gen kèk tan se Haitien ki majistra ladan. E sa ki rive Lucie an ka dekouraje Ayisyen soti al vote, pou yon lòt majistra.

Akizasyon federal se yon pakèt bagay. Si Lucie Tondreau ta arive antò nan tribinal de akizasyon sa yo li, li ka pran menm 30 ane prizon. Sou Facebook Lucie li poste sa ” THANK YOU ALL FOR YOUR PRAYERS AND SUPPORT !!!! STANDING TALL AND STRONG!!! LOVE ALWAYS ”

Lucie tondreau

107 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top