Kanaval

Nan kanaval Marigot nan sidès yon moun pran bal yo met dife nan yon machin

MARIGOT, Haiti – Nan lannwit Madi gra pou leve Mèkredi dè sann 3 moun te pran bal, ke yon polisye PNH te patisipe ladan. Te genyen de Gason avèk yon fi ki te pran bal. Dieubenit Toussaint ki se yonn nan viktim ki te pran bal e se li menm ki te pi grav. Daprè sa li te di, li te fè konprann ke polisye a te kanpe li pandan li t’ap soti nan foul moun ki te nan kanaval lan. Li di ke polisye a t’ap eseye pou li te tire li nan kwis, apre sa pou li te kapab tiye li. Li te nan anpil soufrans, li te mande polisye a pitye polisye a te reponn ke li pa gen anyen pou li fè. Lè moun ki te la tande polis la di sa yo plonje vin pote li sekou se sa li te di ALTER PRESS.

Marigot, Haiti moun yo te kraze machin polis, boule yon moto, avèk yon machin ki te tou prè Komisarya

Marigot, Haiti moun yo te kraze machin polis, boule yon moto, avèk yon machin ki te tou prè Komisarya

Enspektè polis la Jean-Robert Noël te demanti tout sa Dieubenit te di an. Daprè sa enspektè a te fè konprann, polisye a te di li non pou li pa travèse yon baraj. Apre yon pakèt diskisyon avèk polisye an, Dieubenit t’al eseye pran zam polisye an, se pandan sa zam nan deklentche yon bal te pati, se sa ki fè li te arive pran yon bal daprè sa enspektè Jean-Robert Noël te di. Aprè tout bagay sa yo te fin pase lòt polisye PNH yo te vin pote menm rapò sa a, ke enspektè Jean-Robert Noël te bay la.

Aprè Dieubenit te fin pran bal lan, ebyen deblozay te pete nan Marigot. Lè polisye a ki fin tire a, wè bagay yo te kòmanse gate nan men li, li t’ap eseye pran yon machin polis pou li te kapab sove kò li, ki te yon pickup ki anrejistre sou nimero sa a 7-09 ki pou PNH, ebyen moun nan Marigot te kraze machin nan anba kout ròch, te gen yon lòt machin ki te tou pre komisarya, yo te mete dife ladan, yo te boule yon motosiklèt polis yo tou.

Enspektè Jean-Robert Noël fè konprann moun te anvayi yo nan komisarya, yo kraze yon pakèt bagagay, li fè konprann ke yo pa te gen chwa ke pou yo defann tèt yo, yo te oblije mete yo an mòd de atak. Lòt 2 moun yo te pran bal pa moun ki te gen zam ki t’ap tire nan foul la

Vil Marigot ki gen ape prè 74 mil moun, gen sèlman 4 polisye (3 senp polisye plis enspektè a) yon pickup, yon motosiklèt. Men konnye a, ajan l’unité départementale de maintien d’ordre (Udmo) se yo k’ap proteje komisarya Marigot an. Depi Mèkredi 5 Mars tout bagay te retounen nòmal.

Plis INFO sou alterpresse.org

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top