Kanaval

Fanmiy prezidan deklare ANBYANS chanpyon kanaval 2014

GONAIVES, Haiti – Avèk yon moso katon, yon makè Fanmiy Prezidan Martelly vote, yo fè tout moun konnen ki djaz ki chanpyon kanaval 2014 nan Gonaives. Malgre te gen yon pakèt gro toro djaz ki te nan pakou kanaval la, tankou Djakout #1, T-Vice, Carimi, Kreyol La, etc… ebyen sa pa te yon pwoblèm pou yo te chwazi yon chanpyon.

Madan Prezidan Martelly, te ouvè 2 bra li pou li te aksepte Anbyans kòm Chanpyon. Anpil moun ki te asiste Kanaval sou Televizyon, sou entènèt deja fè konnen ke ANBYANS te yonn nan djaz prefere yo nan pakou a. OkiJems pa te gen pwoblèm fè moun Gonaives pyafe, vole, chante, ebyen djaz la rele Anbyans ebyen li te vin bay moun Gonaive Anbyans.

Fanmiy Prezidan deklare ANBYANS chanpyon

Fanmiy Prezidan deklare ANBYANS chanpyon

Gen anpil ti pale de Kanaval Djakout #1 lan “Avili yo” avèk pa T-Vice lan “Skandal”. Gen moun ki konplenn di mesye yo rive tro lwen. Y’ap pale de fanmiy lòt. Ti Joe Kreyol la, te kanpe devan stann prezidansyèl la pandan li te sou cha, li t’ap pale avèk prezidan Martelly, li te fè konprann ke ni T-Vice, ni Djakout #1 pa kab Chanpyon ane sa paske mesye yo se joure y’ap joure. Men malgre tout sa ni T-Vice, ni Djakout #1 te mache sou beton an.

Lòt bagay, se ki sa ANBYANS ap fè menm? Li pa ka jis rete fè Kanaval sèlman. Tout Ayisyen dekouvri ANBYANS nan Kanaval Okap lan, yo te yonn nan Chanpyon komite kanaval lan te chwazi an 2013. Prezidan te envite yo nan Kanaval des Fleures nan Port-au-prince mwa Jiyè pase. Yo te patisipe nan Kanaval Petionville ane sa. Yo rive nan Kanaval Gonaives se fann yo fann beton an. Avèk tout popilarite sa a, eske li pa lè e tan pou mesye anbyans yo mete yon album deyò, ou byen y’ap kite tout limyè desann sou avan yo fè yon mouvman ak kò.

Okijems nan Gonaives sou cha Anbyans lan ap pèfòme

Okijems nan Gonaives sou cha Anbyans lan ap pèfòme

Gen yon pwovèb ki di “se lè fè ya cho, se lè sa ou bat li”. Alò mesye Anbyans sa yo dwe bay dèyè yo twa tap, pou kab fè yon mouvman avèk kò yo, si non se nan lanmè y’ap wè y’ap lave rad yo. Nan moman la gouvènman renmen yo, anpil moun nan lari a deja fè konnen ANBYANS se yon djaz prezidan Martelly renmen anpil, li nesesè pou anbyans mete yon album deyò. Anbyans se yonn nan jèn djaz ou ka wè ki sou rout la relèv. Paske y’ap fè bagay anpil gro djaz pap jan riske al fè.

Anbyans djaz chanpyon fanmiy Prezidan Martelly, Fyète moun nan nò, epi nouvo mèt beton an. Mesye yo antre nan kanaval la, yo fè sa yo vle nan pakou an, yo pa bezwen konnen si ou T-Vice, Djakout #1, Kreyol La, Carimi, etc… depi ou apwoche w’ap pran kou.

To Top