Crime

Yon manman pa ka konsole tèt li apre li pèdi 2 pitit gason'l pou yon diskisyon rad.

MIAMI, FL – Yon manman Haitien, pa ka konsole apre 2 pitit gason li, t’ap goumen yonn fin tire frè li, apre sa li tire tèt li tou. Stephen Odeus ki te gen 14 zan rale yon zam, tire Stanley Blanc ki pi gran ki te gen 16. Stephen Odeus apre li te fin fè zak sa, te si tèlman boulvèse l’ale nan lakou an epi li tire tèt li tou. Saintamise Blanc ki se manman 2 mesye sa yo, pa ka kenbe dlo nan zye’l. Daprè sa li di, li renmen tou 2 pitit li, e tou 2 pitit li renmen li tou.

Saintamise Blanc

Stephen te nan 8th Grade, ki ekivalan a Katriyèm, t’ap pral gradye Middle School, pou li te ka antre nan High School lòt ane. Mark Blanc ki se gran frè 2 mesye sa yo ki mouri an, di sèl sa li ka fè se kenbe tèt li djanm. Mark fè konnen ke Dimanch swa, Stephen t’ap goumen avèk Stanley pou rad. Li di, pa gen anyen ki pou ta fè’w panse sa t’ap rive jiske la. Ou panse se yon ti goumen òdinè apre pou tout bagay retounen nòmal, epi me sa rive gen lanmò ladan. Se nan mond sa nou ap viv konnye a.

LI ATIK SA TOU: Haiti – Mort du batteur du D.P. Express très connu Edner Couloutte

Mark fè konnen li separe yo lè yo t’ap goumen andedan kay lan, apre sa goumen al kontinye deyò an. Li fè konnen ke li te ape prè 5 pye de kote Stephen tire Stanley an. Tout sa pase devan li. Polis te mande li, si li konnen pou ki moun zam nan ye, li di li kwè se pou yonn nan zanmi Stephen, men li pa konn ki moun. Li di lè li desann anba kote 2 frè sa yo t’ap goumen an, Stephen t’ap mande yonn nan zanmi li yo, pou li ba li zam nan. Tout moun t’ap di zanmi an, pa ba li’l. Saintamise Blanc ki se manman 2 viktim yo, fè konnen pa gen moun ki gen zam anndan lakay li.

LI ATIK SA TOU: 2 frè mouri nan Little Haiti apre yon goumen te pete pou ra

Polis te jwenn yon zam, kote krim sa te fèt lan, yo pran li, pou yo wè si yo te ka pran anprent sou li.

Polis ap chèche konnen ki moun ki bay ti moun 14 zan sa zam nan. Si’w w’ap viv Miami, ou ta va gen enfòmasyon sou sa rele Miami-Dade Crime Stoppers at 305-471-TIPS

Li atik sa sou WSVN.COM an anglè

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top