Crime

2 frè mouri nan Little Haiti apre yon goumen te pete pou rad

MIAMI, FL – Nan Ti Haiti, Miami yon manman pèdi 2 pitit gason apre yon diskisyon pou rad. 2 frè sa yo ki te konn mete rad ansanm te pete yon goumen Dimanch lan pou rad. Stephen Odeus ki gen 14 zan te pran yon zam tire frè li Stanley Blanc ki gen 16 zan daprè sa fanmiy 2 frè sa yo te di polis. Apre Stephen Odeus te fin tire frè li an, li travèse nan yon paking li tire tèt li.

LI ATIK SA TOU: Dekouvri kouman pou’w konnen si mennaj ou ap banboche sou ou. ( Is your husband Cheating? )

Anbilans te pran 2 frè sa yo kouri mennen yo nan lopital Jackson Memorial, kote doktè te anonse tou 2 mouri. Tout bagay sa yo rive tou pre North East 71 Street 1st Ave. Jodi Lendi a fanmiy ak zanmi t’al nan plas kote manman sa pedi 2 pitit gason li yo, pa te gen moun ki te ka konsole manman sa a.

Foto Stanley Blanc, lè li te pi piti

Foto Stanley Blanc, lè li te pi piti

Source: Local 10 Miami
Li atik sa sou LOCAL 10

60 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top