Accident

Yon machin antre nan yon kay tiye ni madanm ni mari nan mitan lannwit

CERCA-CARVAJAL, Haiti – Nan vil Cerca-Carvajal ki lokalize nan depatman du CENTRE an Haiti yon NISSAN PATHFINDER te antre nan yon kay kote yon fanmiy t’ap dòmi, machin sa te arive tiye madanm nan ak mari an, pandan yo te sou kabann. Machin sa pa te kanpe la, li te travèse kay sa al antre nan yon lòt kay kote li monte sou pye yon ti moun ki t’ap dòmi. Machin sa te menm arive rache yon pye bwa.

Aksidan sa te rive Dimanch swa ki te 4 Janvyer 2015, daprè sa moun ki te la fè konprann sa te rive bò minwi. Mari an te mouri sou plas, madanm nan menm yo te kouri pran’l mennen li lopital men li te arive mouri de blèsi li te resevwa.

LI ATIK SA TOU: Un camion d’un million dollars de marchandises saisi à la frontière

Antoine Rodon Bien-Aimé ki se depite Cerca-Carvaja te konfime aksidan sou Radio Caraibes FM Lundi maten 5 janvye an. E li fè konnen ke machin sa ki fè aksidan se pou yon polisye li ye. Pou jan aksidan rive an gen anpil chans machin sa t’ap kouri avèk anpil kous, men pa ko gen ripòt ki soti ki di si chofè machin sa te sou.

LI ATIK SA TOU: L’ex Président Aristide dans le collimateur de la justice américaine

car-accident

KONTINYE LI ATIK SA SOU: www.haitianinternet.com

IMAJ SOURCE: belpoz.com

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top