HMI

Yonn nan atis Harmonik yo deja ap travay sou album pèsonèl li

Nickenson Prud’Homme, yon atis ki gen anpil talan, li pa sèlman yon atis, li se yon pwodisè tou. Lè li pa sou sèn ap jwe nan Harmonik, li nan stidyo’l ap travay sou mizik pou lòt atis, oubyen lòt djaz. Men nan moman la menm daprè sous nou, Nick ap travay avèk kèk lòt prodisè nan HMI la pou ede’l aranje kèk mizik ke li gen pou li mete sou nouvo album li, ki gen pou soti trè byento.

Nickenson Prud'Homme

[yop_poll id=”5″]

Sa sa vle di pou Harmonik?

Nouvo album Harmonik “Diferan” kapab konsidere kòm yonn nan meyè album ki te soti nan fen ane 2013 lan. Fanatik ou pa, ou ap trouve anpil bèl mizik la dan tankou, Otan, Illegal, Ou se, Trusted, Diferan, Mesi, Bèl Ti moman, Mwen bouke. Album nan gen plis ke mwatye mizik ladan w’ap renmen anpil. Sa vle di se yonn nan album tout fanatik konpa ta dwe gen nan telephone yo, ipod, mp3 player yo, Ou preske p’ap bezwen pou sote ankenn trak la dan.

Kesyon pou nou reponn:

Sa sa vle di pou Harmonik?
Eske Nick gen kontròl djaz la?
Pou ki rezon li chwazi al travay sou yon lòt album rapid konsa a, pandan ke album djaz li an poko menm gen yon mwa depi li soti?
Eske sa pa retire nan fokis pou’l promote nouvo album “Diferan”?
Se ki sa ki fè Nick prese konsa pou li mete album pa li deyò osi rapid konsa?

To Top