Featured

Mac D bay fanatik Harmonik yon kout pwason davril nan mwa Jwen

Apre tout koze ki te pale ke Mac D, te deside kale Harmonik vag, li te menm bay dat ki lè ki t’ap denyè jou li nan djaz lan, ki se te 19 Jiyè, ebyen mesye yo aranje sa, Mac D retounen nan djaz li. Yonn nan bagay ki te fè li te pran desizyon sa se akòz de Manager Nivens ki se kouzen Nickenson Prud’Homme ki te la ap bay djaz la jarèt depi lè ansyen manager yo Rodney Noel te rale kò li sou Harmonik. Pou yon rezon te gen anpil rounou rounou pou jan misye t’ap jere djaz lan.

GADE DENYE VIDEO GABEL LAN: Anyen pa Etènè

Mc-D

Problèm li te gen an yo rezoud li. Manager Nivens pa fè pati de Harmonik ankò, e Mac D toujou chantè Harmonik daprè sa Sanders fè konprann. Mac D menm fè eskiz a tout fanatik djaz la, e li fè konnen tout bagay retounen jan li te ye an, djaz la pare pou li fè moun danse.

LI ATIK SA TOU: Ghana : Un sorcier affirme avoir provoqué la blessure de Cristiano Ronaldo

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top