Crime

Yo fizye yon ansyen chèf sekirite Jean Bertrand Aristide

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Oriel Jean ki se yon ansyen chèf sekirite ansyen prezidan Aristid arive pèdi lavi’l pa bal gran jounen nan Delama 30.

Nan ane 2004 ajan GRC te arete Mesye Oriel nan Canada pandan li te nan imigrasyon pou li wè si li te ka rete nan peyi a. Men ofisye Ameriken te mande Canada pou yo te ekspedye li aux Etas Unis pou afè dròg. Yo te arete ni li, ni madanm li, men apre yo te vin lage madanm nan, e yo te kenbe mesye Oriel nan detansyon.

LI ATIK SA TOU: Polis arete pwomotè ki bat Alan Cave an

Pandan li te nan prizon yon ajan DEA t’al pale ansanm ak li, e ajan te fè li konnen si li pa te di li tout sa li vle konnen sou afè de trafik dròg an Haiti, li ka al kontre kare akizasyon yo Ozetazini. Yon semèn apre yo te fin arete mesye Oriel lan, otorite Canadienne te expedye li aux Etas Unis apre li te renonse pou li konteste ekspedisyon an.

LI ATIK SA TOU: OLivier Martelly bay repons li sou afè pitit li pa pou li e li pral divòse

Oriel ki pèdi lavi’l jodia nan mitan lari Port-au-Prince, pa bal anba men yon bandi. Bandi echape kò li apre zak sa. Jan de krim sa yo fèt trè souvan nan lari Port-au-Prince jounen jodi.

Oriel-Jean2

oriel-jean-prison

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top