Featured

When you love someone (Lyrics Zenglen)

WHEN YOU LOVE SOMEONE

Kenny Desmangles

Kenny Desmangles

Mwen te konprann, lè 2 moun renmen
sa vle di lanmou, nan kè tou 2 manifeste
Sa vle di aksepte, defo e kalite
soufri pou yonn pou lòt
Always be there for each other
ou ooooh…

Mwen te panse, lè’n te di I DO
sa vle di kè’w pou mwen, sa vle di kè mwen pou ou
sa vle di nou dakò, pou n’ viv jis ka la mò
Soufri pou yonn pou lòt, rete soude kou kle ak pòt

men’m konnen ke renmen pafwa bay dlo nan je, kè brize, that’s ok ou ou
men’m wè ou pran plezi, fè’m mechanste fè’m soufri
That’s not how love should be

lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
nou ka diskite’n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
when you love someone you don’t make them cry
never say I love you if you’re not completely sure

ou… sou menm kabann chak jou, men’n pa janm fè lanmou
nou pa pale, yonn pakon’n sa lòt ap regle
chak jou’w leve ou abiye, epi’w soti ou pa antre
sa pa yon vi, si ou pa vle’m set me free

lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
nou ka diskite’n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
when you love someone you don’t make them cry
never say I love you if you’re not completely sure

ou… sou menm kabann chak jou, men’n pa janm fè lanmou
nou pa pale, pou ou mwen pa menm ekziste
tout la jounen ou kay zanmi
Se chak weekend w’ap pran plezi
lanmou fè’m toleran men pa pwofite pou’w vin mechan

Santi’m bouke!
Cheri souf mwen ap koupe
mwen pa kapab ankò
Oh Baby can’t go all this way

Nou pa menm, ka pale, oh ooooh…

No oh No oh… M’ta renmen konnen pouki sa’w chanje
No oh No oh… why you treating me this way
no oh no oh… si’w g’on kè cheri si’w kwè nan Bondje
bay lanmou’n yon chans tanpri souple

oooohhh baby can’t go all this way
Fò’n chita pou’n pale,
oooooh…

lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
nou ka diskite’n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
when you love some one you don’t make them cry
Never break someone heart
never say I love you if you’re not completely sure

Branche A R Klasik oubyen Branche A R Extra

Credit to Kenny Desmangles and Zenglen

To Top