Featured

T-Vice pre pou yo mete Olivier Duret deyò nan djaz lan (son lari)

Daprè bri k’ap kouri nan lari a, T-Vice pou yon lòt fwa prè pou li separe avèk Olivier Duret ankò. Olivier te kite T-VIce apre album WELCOME TO HAITI, VIN ENVESTI, li te sipoze al mete tèt ansanm avèk Mika Ben pou yo te ka fè yon group ansanm sa pa te arive fèt. Oli avèk T-Vice te vin reyini jis avan album T-Vice RESAN te soti, li te arive chante la dan “Ma cherie je t’aime” ki se yon trè bèl mizik. Nan yon konvèsasyon Olivier Duret avèk yon fanatik li sou twitter li fè li konnen ke li pap la pou yon bal ke T-Vice gen pou li jwe nan mwa Avril k’ap vini an.

Me Tweet Olivier Duret ki konfime li pap prezan nan yon evènman T-Vice gen pou jwe la dan apre yon fanatik te mande li, si li t’ap prezan.

Yon fanatik Olivier ki tweet pou li konnen si l'ap nan yon bal T-Vice gen pou jwe

Yon fanatik Olivier ki tweet pou li konnen si l’ap nan yon bal T-Vice gen pou jwe

Olivier ki reponn yon tweet yon fanatik te voye ba li

Olivier ki reponn yon tweet yon fanatik te voye ba li

Nan denye tan sa a la, T-Vice gen yon pwoblèm kenbe atis, plizyè manb djaz te jis leve kite. GÉRALD KÉBREAU ki te nan T-Vice te arive kite djaz la apre 18 ane, li te konn jwe bas, tanbourinè, gongis, batè djaz lan tout leve ale. Ni Olivier Duret, ni T-Vice poko di anyen sou bri sa k’ap kouri an. Yonn menm pa ni di se verite oubyen se yon rimè bri sa ye. Tout mond HMI la ap rete tann.

Olivier Duret ap travay sou you solo album

Oli ak Roberto

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top