Lifestyle

Se ki sa pou'w fè pou relasyon long distans ka dire?

LOVE & RELATIONSHIP – Avan ou antre nan yon relasyon long distans fò ou mantalman pare pou sa. Paske li mande anpil sakrifis, pasyans, kouraj, tolerans, ak tout lòt bagay ou konnen ki nesesè pou fè yon relasyon mache. Relasyon long distans dwe trete menm jan ak yon relasyon kote tou le 2 moun ap viv menm kote. Pa fè sa ou pa vle pou moun nan fè’w. Distans pa vle di dezespere, men pito sakrifis pou lanmou.

longdistance

Pandan ke anpil moun ki nan relasyon long distans, deja konnen ki jan de risk yo pran, men gen anpil moun tou ki pa reyalize nan ki sa yo mete tèt yo. Men si ou wè gen vi, gen fiti nan relasyon an, ebyen risk lan vin pa parèt yon gro pwoblèm. Men avan ou antre nan yon relasyon long distans, li enpòtan pou ou etabli yon seri de bagay. Eske ou sèl oubyen ou gen lòt moun nan vi’w? Nan relasyon long distans li bon pou ou gen yon konvèsasyon entim epi ki byen detaye, e konvèsasyon an dwe gen ladan èske se sèl li w’ap gen kòm mennaj oubyen se yon relasyon kote w’ap gen lòt moun nan vi’w. Si ou afime ki jan de angajman nou gen anvè lòt, sa kapab evite anpil problèm, pale anpil, ak vye jalouzi initil. Si ou santi moun sa ou ka fè vi’w avèk li, ebyen prepare’w pou ou ale nan konba. Kantite tan yon koup fè nan yon relasyon long distans gen pou wè ak ki jan yo jere pwoblèm yo, e ki jan de aksyon yo pran pou kenbe relasyon enteresan.

Nan nenpòt relasyon ou ladan, ou pa ka nan gen sekrè. Nan relasyon long distans li twa fwa pi frajil pou ou pa nan kenbe sekrè kont moun ou ansanm avèk li an. Lè ou ansanm avèk yon moun ki nan diferan vil, diferan peyi, li enpòtan pou ou pre a pale de tout bagay san limit — espesyalman de ensekirite ou gen yen. An efè, lè’w fè moun nan konnen tout bagay ki ka pa fè’w byen, sa kapab fè relasyon mache pi byen. Rele mennaj ou lè ou rive lakay ou apre ou te soti nan yon fèt, pou di’l, m vrèman swete’w ou te la. Pa nan pale tout avèk mennaj ou de yon sèl moun, kote non moun sa tout tan ap repete; menjan ou an ka vin santi moun sa se yon pwoblèm, e yon menas pou relasyon an. Evite pou tout tan ou nan soti avèk yon sèl moun, sa kapab pote tantasyon.

Routin se yon bon bagay nan yon relasyon long distans. Ou k’ap prepare’w pou pwochèn konvèsasyon ou pral gen ak mennaj ou oubyen ki lè ou pral wè’l, paske ou deja konnen ekzakteman ki lè sa pral fèt. Men pafwa li bon pou bay kèk ti sipriz. Li ka yon apèl ke li pa te atann, voye yon ti email ba li ki trè eksplisit, yon ti video chat, sex nan telephone. Men pa gaspiye lajan’w nan flè. Al vizite’l san li pa te espere sa, se meyè kado.

Pale avèk yon moun chak jou, se sa ki fè ap toujou gen yon bagay pou’w di. Pataje tout ti bagay ki pase avèk lòt, se sa k’ap fè relasyon an vin pi sere, e plis avanse. Avèk email, What’s up, Facebook, Viber, skype, apèl telefonik, pa gen eskiz pou nou pa pale chack jou. Se sa k’ap fè yonn enpòtan pou lòt, e sa ap ede ou menm ak mennaj ou vin pi sere ak lòt. Toujou kenbe mennaj ou o kouran de tout bagay ki pase, gro e an detay. Sa ap fè mennaj ou plis kwè nan ou.

Jis paske nou pa dòmi nan menm kabann chak swa, sa pa vle di, relasyon an sèlman gen pou wè ak vizit. Apre vizit ou menm ak mennaj ou pa ka jis kwaze men nou pa fè anyen. Sèvo nou se pigro ògàn seksyèl nou genyen. Li bon pou aprann pale oubyen text an sex. Jis pou ou menm ak mennaj ou ap mande si nou gen rad sou nou. Fè mwayen pou nou wè lòt souvan. Pa janm ki te yon vizit san nou poko planifye yon lòt vizit. Si nou pa ka wè lòt souvan jan nou ta vle li an, itilize video chat pou nou wè lòt, Skype, oovoo, etc… men fè mwayen pou yonn wè lòt.

Li bon pou nou gen konfyans nan lòt. Angajman se yon deklarasyon de entansyon. Si ou konnen mennaj ou byen, li toujou kenbe routin li, sa vle di, li toujou fè tout bagay nan lè yo abitye fèt. Si yon jou li ta dwe rele’w a 6h, men li vin rele’w jis a 7h, ou pa bezwen nan monte bouch, tire pye, babye, pou gen tan ap akize li de yon bagay mal. Jis paske sèvo’w ap vini ak yon pakèt vye lide, sa pa vle di ou menm ou dwe kwè vye lide sa yo.

Jis paske n’ap viv nan diferan vil, sa pa vle di ou dwe mete’w nan yon eta mizerab. Ou nan fen semèn, sa pa vle di ou dwe fèmen tèt ou nan yon kay jis paske mennaj ou pa la. Li bon pou gen yon vi, kote ou ap viv lan tou. Ou menm ak zanmi’w ka soti, ale nan yon ti fèt, sinema, etc… paske li bon pou sosyalize’w. Sa ap ede’w pa nan panse vye bagay. Apre an demen ou menm ak mennaj ou ka pale de ki sa nou fè pou weekend nan. Men sonje pou pa nan kenbe sekrè kont lòt.

Men li bon pou nou gen yon lè, pou nou soti nan relasyon long distans sa. Nou pa ka viv tout vi nou lwen lòt. Pa gen moun ki ka di’w konbyen tan ki ase pou yon moun rete nan yon relasyon long distans. Sa se ou menm ki pou konnen li. Si ou nan yon nouvo relasyon sa ka pran yon ti tan avan ou ka abòde kesyon sa ak mennaj ou. A yon pwen fò yonn nan nou deloje al jwenn lòt lan. Alò li bon pou nou konnen ki yès k’ap deloje, e ki jan de papye ki gen pou ranpli pou moun sa vin viv avèk ou, sa se pou moun k’ap viv nan diferan peyi. Apre yon bon 3 mwa li bon pou nou pale de bagay sa yo. Li bon pou nou atake sijè sa, pi bonè ke pi ta. Sa ap plis ka ede’w fè yon desizyon si pou ou rete nan relasyon sa, oubyen si pou’w ale.

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top