Love & Sex

Rezon ki fè fanm fè bri avèk alsiyis lè y'ap fè sex

Anpil gason panse y’ap fè yon bagay serye lè fi an ap fè anpil bri. Kesyon ki poze, Se ki lè fi fè plis bri lè y’ap fè sex? Eske se lè yo pral vini? oubyen se lè gason pral ejakile? Ebyen yon rechèch ki pa fèt tro lontan bay verite a.

Black-couple1

Rezon ki fè fi fè anpil bri ap rele byen fò lè yo sou kabann ap fè lanmou.

Anpil gason panse lè fi an ap fè bri, ap plenn sa vle di y’ap fè yon bon travay – Yo panse se paske y’ap frape andedan fi a, e fi an fin fou li pral vini. Ebyen mesye dezole, retounen al panse ankò. Se pa rezon sa ki fè fi an ap fè tout bri sa yo ou konn ap tande a, daprè yon etid ki fèt an Angletè. 85 pou san fi fè tout bri, tout plenn, tout jemi y’ap jemi an, se jis pou ka fè’w panse w’ap fè yon bon travay, pou fè’w panse ou se yon jeyan gason daprè sa etid lan trouve.

Nan etid lan te mande plis ke 70 fi, ki sèlman nan relasyon ak gason, se ki lè li parèt pi fasil pou yo vini. Eske se lè y’ap matisbe, lè gason ap manyen yo, epi y’ap manyen gason an tou, oubyen se lè y’ap fè sex. E rechèchè yo te vle konnen se ki lè fi fè plis bri, nan diferan aktivite seksyèl sa yo, e pouki sa?

Tou fi yo ki te patisipe nan etid lan fè konnen ke yo fè bri lè y’ap fè lanmou, pa fwa yo rele non mennaj yo, pou di yo ale pi rapid, pi fò, oubyen y’ap fè alsiyis.

Fi gen plis chans pou yo pran plis feeling lè gason ap jwe ak vajen yo, ap manyen medam yo nan pwen sansib yo. Pa ekzanp lè gason an ap fè oral sex (ti bèf) pou fi an. E sa ki parèt biza, se pa lè y’ap vini yo fè plis bri.

Fè tèt yo Gro

Sou afè de jemi, rele, fè alsiyis, yo fè plis bri lè gason pral vini oubyen pandan l’ap ejakile. Wi, rezon ki fè medam yo fè bri, se pou yo ka plis eksite gason an, pou li ka plis sou sa. Annefè, 80 pousan nan medam yo fè konnen yo fè bri menm si yo pa menm prè pou vini, e yo p’ap menm gen chans pou yo vini.

Tout bri sa yo, se pou fè gason panse y’ap fè yon bagay, fè yo panse se yo ki ka jere mennaj yo kon sa, fè nèg la panse li se yon bout tonton gason nan fè sex, epi ale wè. E sa pa vle di ke feeling, si tèlman monte fi an, li prèske fou, oubyen li pa ka sipòte tout kanbèlann w’ap mete sou li an. E sa kap vle di yon lòt bagay konplètman diferan. Anpil fè konnen yo plenn, yo rele, se pou kap fè gason an fè sa y’ap fè an rapid, si tou lè yo p’ap jwi sex lan.

Yèp, fi yo itilize vwa yo pou kontrole ki jan mennaj yo santi yo lè y’ap fè sex. E pouki sa yo fè sa? se pou yo kap manipile konpòtman gason yo pou avantaj yo.

Fè mennaj li panse li se yon pakèt gason nan fè lanmou, nan fè bri, kapab fè relasyon yo vin plis sere, daprè sas moun k’ap fè rechèch yo di. Men gen anpil avantaj tou lè yo fè yon gason ejakile vit, si li gen doulè, li tou senpleman annwiye, oubyen li jis pre pou li al dòmi.

Alò mesye, si nou vle satisfè mennaj nou, pa ale de gro pèfòmans, men pito gade siyn ki montre’w l’ap jwi de sa ou ap fè an, l’ap transfòme, li pa gen kote pou li mete kò’l, l’ap tranble, etc… Epi medam gro bravo pou nou, pou jan nou chofè’l aplodi’l fè’l panse li se yon gro jeyan gason, e pa ezite pou nou di’l sa ki fè nou prèske fou, sa ki fè zòtèy nou koube.

SOURCE: Li atik sa sou Thisisafrica.me

9 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top