Crime

Lapolis arete yon chofè taxi Haitien paske li vyole yon fi li t’apral mennen yon kote

FORT LAUDERDALE, Florida – Yon fi ki te soti Canada vin vizite Floride te rele polis 9 Octobre bò minwi edmi, apre Max Raphael ki t’ap kondi yon taxi fi an te ladan, e li te fè polis konnen ke chofè taxi an te vyolye li.

max-raphael

Envestigatè te fè konnen ke Max ki t’ap kondi taxi an pa te vle pran kredi kat nan men fi an ak yon zanmi’l. Li te ale nan yon ATM pou medam yo te ka pran lajan, men lè zanmi fi an te soti al pran lajan, Max te derape taxi an ak lòt fi an ki te ladan, apre li te mennen’l nan yon paking kote li te rale fi an deyò machin nan epi li vyole’l.

Apre misye te fin vyole fi an, fi an t’al pote plent bay lapolis nan menm moman. Yo te pran fi an mennen’l nan Nancy J. Cotterman Sexual Assault Treatment Center, pou yo te ka evalye li. 25 Novanm ki sot pase la, la polis te jwenn rezilta tès ADN yo te fè avèk spèm yo te trouve andedan fi an, kote li soti pozitiv idantifye ak ADN chofè taxi an Max Raphael. Lapolis te arete Max pou kidnapè ak vyolasyon seksyèl.

Mennaj Max pa te ka kwè sa. Li te fè konnen ke Max se yon bon gason, li toujou ap ba li bon konsèy. Li se yon bon papa, li konnen li trè byen, e li p’ap janm fè yon bagay konsa. Avoka Max la fè konnen, li pa ka imajine ke yon moun fè yon bagay konsa, paske Max ap kondi taxi yon konpayi ki trè koni “Yellow Cab”. Se dènye bagay k’ap nan tèt yon moun ke li pral monte yon taxi kote yo pral kidnape li, epi vyole li.

Li plis sou atik sa sou CBS MIAMI an anglè KLIKE LA

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top