Crime

Philippe Bourciquot dechifre plis ke yon milyon dola nan men yon pakèt ti malere Haitien nan Florida

LAKE WORTH, FLORIDA: Philippe Bourciquot ki se yon Haitien k’ap viv nan West Palm Beach dechifre plis ke yon milyon dola sou do lòt Haitien nan Sud Floride, sou pretèks ke li t’ap envesti pou yo.

Lapolis nan West Palm Beach pa te pèdi tan pou yo te mete Philippe Bourciquot anba kòd apre envestigasyon yo te fè sou biznis Philippe lan ke yo te trouve misye t’ap pran lajan Haitien k’ap travay byen di, pou li te ka viv laj sou do yo. Philippe te monte sou radio pou li te ka fè moun vin envesti ak li. Li te pwomèt yo li t’ap envesti lajan yo nan Stock Market e li t’ap ba yo 8 pousan pa mwa sou lajan yo a.

bourciquot

Lajan ti malere Haitien nan Floride yo, se yo ki t’ap sipòte vi gran nèg misye t’ap viv lan. Daprè Florida Department of Law Enforcement Commissioner Gerald Bailey, li regrèt ke yo p’ap janm ka jwenn majorite nan lajan sa yo misye vòlè an pou yo remèt a viktim sa yo. Philippe pa t’ap travay nan yon radio estasyon espesyal men li tè konn peye yon seri de pwogram nan plizyè radio ki gen program Haitien la dan nan Florida pou li te ka fè moun vin envesti ak li. E li te konn fè yo konprann ke li se yon Haitien menm jan ak yo, yo mèt fè li konfyans li p’ap fè yo mal.

LI ATIK SA TOU: Haiti : Projet de construction de deux parcs industriels devant générer 40 000 emplois
Pbourciquot

Malgre Philippe te repeye $1.4 Milyon dola a kliyan li yo, men se pa lajan li te envesti vrèman men pito li te konn pran lajan nan men nouvo kliyan yon pou li te ka peye lòt moun ki te envesti ak li lontan. Li itilize lajan moun yo pou li te ka achte Kay, 2 machin, ale nan gro Restoran, vwayaje, e pou li te ka peye Otèl.

Si ou se yon moun ki te envesti lajan ou avèk Philippe rele nimero sa (850) 487-9687 anglais, (305) 536-0308 Creole

Li Atik sa sou Sun-Sentinel oubyen Miami News Time

15 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top