Religion

Pastè “Creflo Dollar” mande fidèl legliz li $65 milyon dola pou’l achte yon avyon prive

ATLANTA, GA – Yon pastè Ameriken mande pou fidèl legliz li achte yon avyon prive pou li, ki koute $65 milyon dola. Creflo Dollar ki se yon gran evanjelis nan Etas Unis, di li bezwen 200 mil moun pou fè yon donasyon de $300 dola oubyen plis, pou li ka jwenn lajan sa pou li ka achte yon avyon prive. Mak avyon li bezwen an se (Gulfstream G650). Li konsidere sa kòm yon pwojè, e li rele li Project G650.

Men daprè sa li fè konnen sou website li, donasyon an pa rete sou manb legliz li an sèlman, ni patnè, sipòtè ministè li ka fè donasyon tou pou li ka achte avyon sa a. Pastè an te posede yon avyon prive, men resaman pandan yo te nan rout pou yo t’ale Australie, avyon an te ba yo pwoblèm motè chans pou yo, yo te arive ateri san anyen pa te rive yo. Kè sote sa pastè Creflo Dollar te pran, li pa vle repran li ankò, li mete avyon sa chita, li gen avyon sa a depi nan ane 1999. Avyon prive pastè an vle an, se li ki pi gro, pi rapid lajan moun ka ba li. Gulfstream G650 gen pli vitès ke avyon ki pote pasaje yo.

LI ATIK SA TOU: 20 fidèles d’une église protestante enceintes pour leur pasteur

Li di, Levanjil pwosperite se yon teoloji ki pwomèt richès bòn sante a moun ki bay dim de 10 pousan de lajan yo fè.

Pastè a bezwen $65 milyon dola pou li achte yon avyon prive nan non Jesus. Tandiske Jesus te konn mache apye, monte bourik pou li te preche levanjil la. Pou tout ti moun ki grangou, pou fi yo pa bay chans nan lavi sa pou yo itil tèt yo anyen, pou ti moun k’ap mouri grangou nan mond sa, etc… Men pastè Evanjelis sa bezwen $65 milyon dola pou yon avyon prive. Li pre pou li pran lajan nan men moun ki k’ap goumen pou yo bay pitit li manje, k’ap fè $8 dola pa lè, ki pa menm posede $1000 dola nan kanè bank yo, tan diske pastè Creflo Dollar posede yon afè $27 milyon dola, men li pito pran lajan nan men ti malere yo pou konfò li.

LI ATIK SA: Le présentateur qui a comparé Michelle Obama à un singe est renvoyé

Pastè Creflo Dollar

Pastè Creflo Dollar

Me avyon an pastè an vle a’

g650-aerial

g650-interior

Me sa website pastè Creflo Dollar te poste sou website li.

g650-project

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top