Featured

Not de près Kreyòl La sou demisyon Ti Ansyto ak Vlad

Kominike Laprès
Pou Piblikasyon Imedya

Hantz Fred « Ti Ansyto” Mercier ak Vladimir ALEXIS bay demisyon nan Kreyòl La

Pòtoprens, Ayiti,
2 avril 2014. –
Ekip Jesyon Kreyòl La a gen regrè pou li enfòme piblik la an jeneral ak tout laprès mizikal la, Hantz Fred « Ti Ansyto » Mercier, ki se Direktè mizikal ak kibòdis nan gwoup la, ansanm ak Vladimir ALEXIS, batè, deside kite gwo fanmi Kreyòl La a pou rezon pèsonèl nou oblije respekte.
Se yon desizyon ki rive brid soukou pandan ke djaz la te nan mitan anrejistreman twazyèm album li. Depi kreyasyon li, gen 9 ane de sa, Kreyòl La te jwenn respè poutèt estabilite ekszanplè li ak amoni kontajye ki te eksziste ant mizisyen li yo, nan yon mache mizik ki chaje ak konfli ant mizisyen nan lòt gwoup.
“Franchman, mwen pa’t atann mwen a desizyon sa a, sitou sa soti nan de mizisyen ke mwen konsidere tankou frè’m. Mwen vreman tris epi mwen santi sa afekte’m sikolojikman. Men nou dwe avanse pou pi devan, Kreyòl La ap oblije avanse” se sa Jeff Jean-Pierre, manadjè gwoup la te gen pou di sou sijè a.
Ekip Jesyon Kreyòl La, pandan li deplore desizyon dezagreyab sa a, ta renmen swete bònn chans epi piblikman remèsye mizisyen sa yo pou kontribisyon eksepsyonèl yo nan konstriksyon yon gwo enstitisyon k’ap kontinye avanti mizik li pou tout melomann ki swaf Konpa dirèk yo.
Ekip la pral anonse aranjman nouvo aranjman pou ranplase de mizisyen ak talan sa yo.
Viv Konpa Dirèk !

Pou ekip Jesyon Kreyòl La a:
Jeff Jean Pierre

Ti Joe Kreyol La

Ti Joe Kreyol La

*** FRANCAIS ***

Communiqué de Presse
Pour diffusion immédiate

Hantz Fred ‘’Ti Ansyto’’ MERCIER et Vladimir ALEXIS démissionnent de Kreyòl La.

Port-au-Prince, Haïti,
Le 2 avril 2014.-
L’équipe de Management de Kreyòl La a le regret d’informer le public en général ainsi que la presse musicale que Hantz Fred « Ti Ansyto » MERCIER, Directeur Musical et Claviériste du groupe, et Vladimir ALEXIS, Batteur, ont décidé de quitter la grande famille de Kreyòl La pour des raisons personnelles que nous n’avons d’autre choix que respecter.

Leur décisions sont complètement inattendues d’autant plus que l’équipe se retrouve en pleine période d’enregistrement de son 3ème album. Depuis sa création il y a 9 ans, Kreyòl La est bien connu et respecté pour sa stabilité exemplaire et l’harmonie contagieuse existant entre ses musiciens, dans un marché musical rongé par les dissensions en boucle de musiciens dans la majorité des groupes.

“Franchement, c’est la pire des décisions à laquelle j’aurais pu m’attendre, surtout venue de deux musiciens que je considère comme des frères d’une autre mère. Je suis très triste et éprouvé psychologiquement. Mais, il faut avancer et Kreyòl La est obligé d’avancer » déclare Jeff Jean-Pierre, manager du groupe.

L’équipe de Management de Kreyòl La, tout en déplorant cette décision déplaisante, tient à souhaiter bonne chance tout en remerciant publiquement ces deux musiciens pour leur remarquable contribution à l’édification d’une grande institution qui va continuer son aventure musicale pour le grand plaisir des mélomanes de partout assoiffés de Konpa Direct.

L’équipe de Management annoncera sous peu les nouvelles dispositions prises pour combler le départ de ces deux talentueux musiciens.
Vive le Konpa Direct !

Pour l’équipe de Management:
Jeff Jean Pierre

*** ENGLISH ***

Press release
For Immediate Release

Hantz Fred “Ti Ansyto MERCIER” and Vladimir ALEXIS resign from Kreyòl La.

Port -au- Prince, Haiti
April 2, 2014. –

Kreyòl La’s management team regrets to inform the general public as well as the music press that Hantz Fred “Ti Ansyto” MERCIER, Musical Director and keyboardist of the group, and Vladimir ALEXIS , Drummer, have decided to leave the large family of Kreyòl La for personal reasons that we have no choice but to accept.
Their decisions are completely unexpected especially since the band has been in the midst of recording their third album. Since its birth 9 years ago, Kreyòl La has been well known and respected for its exemplary stability and contagious harmony between its musicians in market plagued by dissension from musicians in most groups.
“Frankly, this is the worst decision that I could have expected, especially coming from two musicians that I consider brothers from another mother. I am very sad and psychologically affected by this; however, we must move forward, Kreyòl La is obliged to advance” said Jeff Jean-Pierre, manager of the group.
Kreyòl La’s management team, while deploring this unpleasant decision, would like to wish the best of luck while publicly thanking both musicians for their outstanding contribution to the building of a great institution that will continue its musical adventure for the general delight of Konpa Direct lovers everywhere.

The Management Team will announce the new arrangements to fill the departure of these two talented musicians.
Cheers to Konpa Direct!

For the Management Team:
Jeff Jean Pierre
(5098) 3455-4505 and 3455-4508

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top